Menas Byolojik

Imaj koloni bakteri nan yon Bwat Petri

Ajan byolojik yo se òganis oswa toksin ki kapab touye moun, betay ak danre oswa ki kapab fè yo entatad. Yon atak byolojik se lè yon moun fè espre pou simen mikwòb oswa lòt sibstans byolojik ki kapab fè ou malad.

Twa (3) gwoup ajan byolojik debaz yo ta ka itilize kòm zam se bakteri, viris ak toksin. Pifò ajan byolojik yo difisil pou grandi ak pou konsève. Anpil separe vit lè yo ekspoze nan solèy ak nan lòt faktè anviwònman, alòske lòt yo, tankou ti grenn chabon, viv pandan anpil tan. Ajan byolojik yo kapab simaye lè yo flite nan lè a, lè yo enfekte bèt ki pote maladi sou moun, ak lè yo kontamine manje ak dlo. Men kèk metòd yo simaye:

  • Espre - ajan byolojik yo simaye nan lè a, pou fòme yon brim mens ki ka flote nan sou yon distans plizyè mil. Si moun oswa bèt rale ajan an nan nen yo sa ka lakòz yo gen maladi.
  • Bèt - ensèk ak bèt tankou pis, sourit, mouch, moustik ak betay rale kèk simaye kèk maladi.
  • Kontaminasyon manje ak dlo - kèk òganis patojèn ak toksin ka dire anpil tan rezèv manje ak dlo. Si ou kwit manje yo ak bouyi dlo a, pifò mikwòb yo kapab mouri, epi pifò toksin yo kapab dezaktive. Si ou bouyi dlo a pandan yon minit, pifò mikwòb yo ap mouri, men kèk ladan yo bezwen plis tan. Swiv enstriksyon ofisyèl yo.
  • Moun-a-moun - li posib pou simaye yon ti kantite ajan enfektye. Moun se sous enfeksyon pou lavaryòl, lapès, ak viris Lassa.

Enfòmasyon espesifik sou ajan byolojik disponib nan Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi

Anvan

Yon bwat petri ki gen yon kilti bakteri k ap grandi ladan

Anvan yon Menas Byolojik

Kontrèman ak yon eksplozyon, yon atak byolojik kapab oswa pa kapab sèten imedyatman. Alòske li posib pou ou wè siy yon atak byolojik, tankou sa ki te pase pafwa avèk kourye ki gen antraks yo, gen pètèt plis chans pou travayè swen sante lokal yo rapòte yon modèl maladi iregilye oswa ap gen yon pakèt moun malad k ap chèche swen medikal pou ijans. W ap pètèt aprann danje a nan yon emisyon radyo oswa televizyon sou ijans lan, oswa nan kèk lòt siyal yo itilize nan kominote ou. Ou ta ka resevwa yon koutfil oswa travayè repons pou ijans yo ka vin frape pòt ou.

Bagay ki anba la yo se bagay ou kapab fè pou pwoteje tèt ou, fanmi ou ak byen ou kont konsekans yon menas byolojik:

  • Prepare yon Twous Rezèv pou Ijans, ki genyen ladan atik tankou manje ki p ap gate, dlo, ak yon radyo ki fonksyone avèk pil oswa avèk manivèl, flach ak pil siplemantè.
  • Fè yon Plan Fanmi pou Ijans ou. Fanmi ou ka pa ansanm lè gen yon katastwòf, poutèt sa li enpòtan pou konnen kijan youn ap kontakte lòt, kijan n ap tounen ansanm ak sa w ap fè sizoka gen yon ijans.
    • Planifye kote fanmi ou ap reyini, andedan ak deyò katye imedyat ou.
    • Li ka pi fasil pou fè yon apèl entè-iben pase pou rele nan vilaj la, kidonk yon kontak deyò vil la ka nan yon pi bon pozisyon pou kominike avèk manm fanmi ki separe yo.
    • Ou ka vle chèche enfòmasyon tou sou plan pou ijans kote manm fanmi ou yo pase tan yo: travay, gadri ak lekòl. Si pa gen plan, anvizaje sèvi kòm volontè pou kreye youn.
    • Ou dwe konnen sistèm avètisman ak plan katastwòf kominote ou.
    • Fè travayè sosyal ak founisè sèvis gadri yo konnen plan ou.
    • Fè plan pou bèt kay ou
  • Kontakte doktè ou pou konnen si ou te pran tout vaksen ki obligatwa oswa ki sijere yo. Timoun ak granmoun aje yo frajil sitou nan ajan byolojik yo.
  • Anvizaje enstale yon Filtè ki gen Anpil Efikasite pou Patikil Lè (HEPA) nan tiyo ki retounen lè nan founo a. Filtè sa yo retire patikil yo nan lòd 0.3 a 10 mikwon, epi l ap filtre pifò ajan byolojik ki ka antre lakay ou. Si ou pa gen yon sistèm chofaj oswa refwadisman santral, ou kapab itilize yon filtè HEPA pòtatif.
Filtrasyon nan Bilding yo

Pwopriyetè ak manadjè bilding yo ta dwe detèmine kalite ak nivo filtrasyon ki nan estrikti yo ak nivo pwoteksyon li bay kont ajan byolojik yo. Enstiti Nasyonal pou Sante ak Sekirite nan Travay (NIOSH) bay konsèy teknik sou sijè sa a nan piblikasyon yo Konsèy pou Sistèm Filtrasyon ak Sistèm Netwayaj Lè pou Pwoteje Anviwònman Bilding kont Atak Chimik, Byolojik oswa Radyo-Aktif ki Vini nan Van. Pou jwenn yon kopi, rele 1 (800) 35NIOSH oswa ale sou Entènèt nan Sitwèb Enstiti Nasyonal pou Sekirite ak Sante nan Travay epitou mande oswa telechaje Piblikasyon 2003-136 NIOSH.

Itilizasyon Filtè HEPA

Filtè HEPA yo itil nan atak byolojik yo. Si ou gen yon sistèm chofaj ak refwadisman santral lakay ou ki gen yon filtè HEPA, kite li limen si l ap fonksyone oswa limen vantilatè a si li p ap fonksyone. Si ou fè lè a sikile nan kay la nan filtè a sa ap ede retire ajan yo nan lè a. Si ou gen yon filtè pòtatif HEPA, pote li nan chanm andedan kote w ap chèche abri a, epi limen li.

Si ou nan yon apatman oswa nan yon bilding biwo ki gen yon sistèm chofaj oswa refwadisman santral, filtrasyon sistèm nan ta dwe bay yon nivo pwoteksyon ki ase bon kont kontaminan byolojik deyò yo.

Filtè HEPA yo p ap filtre ajan chimik yo.

Pandan

Pandan yon Menas Byolojik

Premye prèv yon atak se ka lè ou remake ou gen sentòm maladi paske ou te ekspoze nan yon ajan. Swiv gid sa yo pandan yon menas byolojik:

  • Sizoka gen yon atak byolojik, ofisyèl sante piblik yo ka pa anmezi pou bay enfòmasyon imedyatman sou sa ou ta dwe fè. L ap pran tan pou detèmine egzakteman kisa maladi a ye, kijan maladi a ta dwe trete, ak kimoun ki an danje. Men, ou ta dwe gade televizyon, koute radyo, oswa tcheke Entènèt pou jwenn nouvèl ak enfòmasyon ofisyèl tankou siy ak sentòm maladi, zòn ki nan danje a, si y ap distribiye medikaman oswa vaksen, epi kote ou ta dwe chèche swen medikal si ou vin malad.
  • Si ou vin konnen yon sibstans dwòl oswa sispèk, deplase vit.
  • Pwoteje tèt ou. Kouvri bouch ou ak nen ou avèk kouch twal ki kapab filtre lè a men toujou kite ou respire. Pami egzanp yo gen de (2) a twa (3) kouch koton tankou tichòt, mouchwa oswa sèvyèt. Sinon, plizyè kouch twal oswa sèvyèt papye kapab ede ou.
  • Ka gen moman lè ou ta vle anvizaje mete yon mask figi pou pa kite mikwòb yo gaye si ou malad, oswa pou pa pran kontan avèk mikwòb kontajye si lòt moun ki bòkote ou yo ta malad.
  • Si ou te ekspoze nan yon ajan byolojik, retire rad ou ak atik pèsonèl ou, epi mete li nan sache. Swiv enstriksyon ofisyèl yo pou elimine atik ki kontamine yo.
  • Lave men ou avèk savon ak dlo, epi mete rad pwòp sou ou.
  • Kontakte otorite yo, epi chèche asistans medikal. Yo ka mande ou pou rete lwen lòt moun yo, oswa yo ka menm mande ou pou izole tèt ou.
  • Si yon manm fanmi vin malad, li enpòtan pou vijilan.
  • Men, pa sipoze ou ta dwe ale nan yon sal-dijans lopital oswa pa sipoze nenpòt maladi se rezilta atak byolojik la. Sentòm anpil maladi komen kapab parèt anmenmtan.
  • Pran tèt ou, fè pratik bon ijyèn ak pwòprete pou evite mikwòb yo gaye, epi pou chèche konsèy medikal.
  • Konsidere si ou nan gwoup oswa zòn otorite yo kwè ki menase.
  • Si sentòm ou yo se menm sentòm ak sa yo dekri yo epi ou nan gwoup yo konsidere ki nan risk la, chèche swen medikal pou ijans imedyatman.
  • Swiv enstriksyon doktè yo ak lòt ofisyèl sante piblik yo.
  • Si maladi a kontajye, ou mèt espere resevwa evalyasyon ak tretman medikal. Yo ka mande ou pou rete lwen lòt moun yo, oswa yo ka menm mande ou pou izole tèt ou.
  • Pou maladi ki pa kontajye yo, ou mèt espere w ap resevwa evalyasyon ak tretman medikal.
  • Nan yon ijans byolojik yo deklare oswa nan yon epidemi k ap devlope, ka gen rezon pou rete lwen foul moun kote lòt moun yo ka enfekte.
Kouvri Nen ak Bouch Ou

Prepare ou pou aji prese-prese avèk sa ou genyen nan men ou pou pwoteje nen ou, bouch ou, zye ou ak blesi ki sou po ou. Nenpòt bagay ki byen ajiste sou nen ou ak bouch ou, tankou nenpòt twal koton ki byen tise-sere, kapab ede filtre kontaminan ki nan yon ijans. Li trè enpòtan pou pifò lè ou respire pase nan mask la oswa nan twal la, pa akote li. Fè kèlkeswa sa ou kapab pou fè tout sa ki posib pou timoun yo. Genyen tou divès kalite mask ki disponib fasil nan kenkayri ki klase selon jan yon patikil piti yo kapab filtre nan yon anviwònman endistriyèl. Mask figi ki fèt ak rad senp kapab filtre "pousyè" oswa mikwòb ki vini nan van ou kapab respire nan kò ou, men yo p ap pètèt pwoteje ou kont gaz chimik.

Sentòm ak Ijyèn

Si yon manm fanmi gen nenpòt nan sentòm ki endike anba la yo, separe li avèk lòt moun ki nan fanmi an si li posib, fè pratik bon ijyèn ak pwòpte pou pa kite mikwòb yo gaye, epi chèche konsèy medikal.

  • Yon tanperati ki pi plis pase 100 degre
  • Kèplen ak vomisman
  • Lestomak fèmal
  • Dyare
  • Figi pal oswa wouj
  • Maltèt
  • Tous
  • Zòrèy fèmal
  • Rim epè k ap sòti nan nen moun nan
  • Gòj fèmal
  • Po moun nan vin wouj oswa li gen enfeksyon po
  • Zye moun wouj oswa li gen azoumounou
  • Moun nan pa gen apeti
  • Moun nan pa gen enèji oswa aktivite li diminye

IJYÈN

Si yon moun malad, ou ta dwe fè pratik bon ijyèn ak pwòpte pou evite gaye mikwòb yo.

  • Lave men ou avèk savon ak dlo souvan.
  • Pa bay lòt moun nan manje ou, oswa pa sèvi nan menm veso avèk lòt moun.
  • Kouvri nen ou ak bouch ou lè w ap touse oswa lè w ap etènye.
  • Anvizaje fè moun malad la mete yon mask figi pou evite gaye mikwòb yo.
  • Fè plan pou divilge enfòmasyon ki asosye ak sante ba lòt moun, sitou moun ki ka bezwen èd pou konprann sitiyasyon an ak ki mezi espesifik ki pou pran.

Apre

Apre yon Menas Byolojik

Nan kèk sitiyasyon, tankou ka pakèt lèt ki gen antraks yo te voye nan ane 2001 an, yo te alète moun yo sou ekspozisyon posib. Se sa se ka a, fè anpil atansyon ak tout avètisman ak enstriksyon ofisyèl yo sou fason pou fè. Yo ka jere distribisyon sèvis medikal pou yon evènman byolojik yon fason diferan pou satisfè anpil demann. Pwosedi sante piblik debaz ak pwotokòl medikal pou kontwole fason moun ekspoze nan ajan byolojik yo se menm pou nenpòt maladi enfektye. Li enpòtan pou ou fè anpil atansyon ak enstriksyon ofisyèl yo nan radyo, televizyon ak sistèm alèt pou ijans.

Antibyotik

Menmsi antibyotik yo se souvan yon tretman apwopriye pou maladi ki asosye avèk zam byolojik, medikaman espesifik la dwe apwopriye ak maladi a pou li kapab efikas. Pa egzanp, yon antibyotik ka apwopriye pou trete ou lè ou ekspoze nan antraks, men li ka pa apwopriye pou trete lavaryòl. Tout antibyotik yo kapab lakòz efè segondè tankou reyaksyon ki grav. Planifye pou pale avèk founisè swen sante ou davans sou sa ki fè sans pou fanmi ou.

Ale sou Entènèt nan sitwèb Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi pou jwenn yon lis konplè ajan/maladi posib ak tretman apwopriye.

Plis Enfòmasyon

Piblikasyon

Si ou bezwen plis enfòmasyon sou nenpòt nan sijè sa yo, resous ki anba la yo ka ede ou.

Sitwèb Asosye

Ale sou Entènèt nan sitwèb ki anba la yo pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou planifye ak prepare pou yon menas byolojik ak sou fason pou konnen resous ki disponib yo:

Koute Ofisyèl lokal yo

Aprann kichòy sou plan pou ijans gouvènman eta a ak gouvènman lokalkreye nan zòn ou. Nan nenpòt ijans, toujou koute enstwiksyon ofisyèl jesyon ijans lokal yo bay.

Last updated: 12/10/2013 - 02:25 PM