FÈ FAS AK DEZAS

Katastwòf se eksperyans ki enèvan pou tout moun ki konsène. Nuizans emosyonèl katastwòf la lakòz kapab yon bagay ki menm fè plis dega pase kontrent finansye domaj ak pèt kay, biznis oswa byen pèsonèl.

Timoun, granmoun aje, moun ki gen bezwen pou aksè ak bezwen fonksyonèl epi Angle pa lang natifnatal yo, se moun sa yo ki sitou nan risk. Timoun yo ka vin pè epi kèk granmoun aje ka sanble dezoryante okòmansman. Moun ki gen bezwen pou aksè oswa bezwen fonksyonèl ka bezwen lòt asistans.

Chèche konsèy pou kriz si oumenm oswa yon moun nan fanmi ou gen pwoblèm avèk estrès akòz katastwòf la.

 Konprann Evènman Katastwòf yo

Yon travayè FEMA ap konsole yon moun ki viktim nan katastwòf.

  • Konprann efè endividyèl yon katastwòf.
  • Tout moun ki wè oswa ki fè eksperyans yon katastwòf afekte ladan nan nenpòt fason.
  • Li nòmal pou santi gwo enkyetid sou pwòp sekirite ou ak sou sekirite fanmi ou ak zanmi pwòch ou.
  • Gwo tristès, chagren ak kòlè se reyaksyon ki nòmal nan yon evènman anòmal.
  • Si ou rekonèt santiman ou yo sa ap ede ou refè.
  • Si ou konsantre sou pwen fò ak konpetans ou sa ap ede ou geri.
  • Si ou aksepte èd nan pwogram ak resous kominote a sa bon pou sante ou.
  • Tout moun gen bezwen diferan ak fason ki diferan pou yo siviv.
  • Nenpòt moun ka vle defann tèt yo kont moun ki lakòz yo gwo doulè.

Ou gen enkyetid espesyal pou timoun ak lòt adilt yo apre katastwòf yo. Menm moun ki fè eksperyans yon katastwòf “dezyèm men” lè y ap swiv anpil bilten nouvèl kapab afekte.

Kontakte òganizasyon relijye yo, ajans volontè yo, oswa konseye pwofesyonèl yo pou jwenn konsèy. Answit, FEMA ak gouvènman eta a ak gouvènman lokal zòn ki afekte a ka bay asistans konsèy pou kriz.

Pandan w ap refè, se yon bon lide pou asire ou fè chanjman nan plan fanmi ou pou katastwòf ak re-estoke rezèv debaz ou pou katastwòf pou sizoka gen yon katastwòf ankò. W ap toujou santi ou pi byen lè ou prepare ak lè ou pare pou nenpòt bagay.

 

Siy Estrès akòz Katastwòf

Yon travayè FEMA k ap pote yon timoun pou retire li nan zòn katastwòfChèche konsèy si oumenm oswa yon manm fanmi ou gen estrès akòz katastwòf.

 

Rekonèt Siy Estrès akòz Katastwòf

 Lè adilt yo gen siy ki endike anba la yo, yo ta ka bezwen konsèy pou kriz oswa asistans pou kontwole estrès yo:

  • Difikilte pou kominike panse.
  • Difikilte pou dòmi.
  • Difikilte pou kenbe ekilib nan lavi yo.
  • Fèb limit fwistrasyon.
  • Plis konsomasyon dwòg/alkòl.
  • Mwens tan pou bay atansyon.
  • Move rannman nan travay.
  • Maltèt/pwoblèm lestomak.
  • Ratresisman chan vizyèl/mal pou tande.
  • Sentòm rim oswa grip.
  • Dezoryantasyon oswa konfizyon.
  • Difikilte pou konsantre.
  • Retisans pou kite kay la.
  • Depresyon, tristès.
  • Sansasyon dezespwa.
  • Tanperaman ap balanse epi fasil pou kriye tanzantan. 
  • Santiman kilpabilite ak dout pèsonèl.
  • Laperèz pou foul moun, etranje, oswa pou moun nan rete poukont li.

 

Diminye Stress

Yon travayè sekou k ap konsole yon moun ki viktim nan katastwòf Ouragan Katrina.

Pale avèk yon moun epi chèche èd pwofesyonèl pou estrès akòz katastwòf.

Sa ki anba la yo se fason pou evite estrès akòz katastwòf:

  • Pale avèk yon moun sou santiman ou yo - kòlè, chagren ak lòt emosyon - menm si li ka difisil pou fè sa.
  • Chèche èd konseye pwofesyonèl ki konnen kijan pou ede ou nan estrès apre katastwòf.
  • Pa fè tèt ou responsab pou katastwòf la, oswa pa fwistre paske ou santi ou pa kapab bay èd dirèk nan travay sekou a.
  • Fè etap pou ankouraje pwòp gerizon fizik ak emosyonèl ou. Pou fè sa, manje yon fason ki bon pou sante ou, repoze ou, fè egzèsis fizik, rilaks ou, epi medite.
  • Toujou gen yon woutin nòmal fanmi ou ak chak jou, pou limite responsablite difisil yo sou tèt ou ak sou fanmi ou.
  • Pase tan avèk fanmi ak zanmi ou.
  • Patisipe nan memoryal yo.
  • Itilize gwoup sipò fanmi, zanmi ak enstitisyon relijye ki la.

 

Asire ou pare pou evènman pidevan yo. Pou fè sa, re-estoke twous rezèv pou katastwòf ou, epi fè chanjman nan plan fanmi ou pou katastwòf. Si ou aksyon pozitif sa yo sa kapab konsole ou.

 

Ede Timoun yo Fè Fas ak Katastwòf

Yon timoun ap mache devan dekonm kay li ki te detwi nan yon tònad.Katastwòf yo kapab kite yo avèk santiman laperèz, konfizyon, ak gwo enkyetid. Si yon timoun te gen yon twomatis pèsonèl anvan, si li te sèlman wè evènman an nan televizyon, oswa si li te tande adilt yo t ap diskite sou sa, li enpòtan pou paran ak pwofesè yo jwenn enfòmasyon an ak pare pou ede si timoun nan kòmanse gen reyaksyon estrès la.

Timoun yo ka reyaji nan katastwòf la lè yo montre yo gen laperèz, tristès, oswa pwoblèm konpòtman. Timoun ki pi jèn yo ka retounen vin gen modèl konpòtman yo pi bonè, tankou pipi nan kabann, pwoblèm pou dòmi ak gwo enkyetid pou separasyon. Pi gran timoun yo ka montre yo gen kòlè, agresyon, pwoblèm pou aprann lekòl oswa abandon lekòl. Kèk timoun ki gen kontak endirèk avèk katastwòf la men ki gade li nan televizyon ka devlope estrès.

Rekonèt Faktè Risk yo

Pou anpil timoun, reyaksyon yo nan katastwòf kout anpil epi yo reprezante reyaksyon nòmal nan "evènman ki anòmal." Yon pi piti kantite timoun kapab nan risk pou yo gen detrès sikolojik sou fòm yon fonksyon twa (3) gwo faktè risk yo:

 

  • Si timoun nan ekspoze nan katastwòf la, tankou si ou deplase li, si li obsève moun ki pran chòk oswa lòt moun ki mouri, oswa si li pran chòk ansanm avèk lè li pè pou lavi yon moun ki an danje.
  • Pèt/chagren: Sa asosye avèk lanmò oswa chòk grav fanmi oswa zanmi.
  • Estrès san rete nan efè segondè katastwòf, tankou viv yon lòt kote pou yon ti tan, lanmò zanmi ak pèt travay sosyal, pèt pwopriyete pèsonèl, chomaj paran, ak depans ki fèt pandan w ap travay pou retounen fanmi ou nan lavi anvan katastwòf la ak kondisyon pou viv yo.

 Frajilite sou Timoun yo

 Nan pifò ka yo, selon risk faktè ki endike anwo a, reyaksyon detrès yo se reyaksyon ki pwovizwa. Si pa gen menas grav pou lavi moun, chòk, lanmò manm fanmi oswa pwoblèm segondè tankou pèt kay, demenajman, elatriye, anjeneral sentòm yo ap diminye apre yon peryòd tan. Pou moun ki te ekspoze dirèkteman nan katastwòf la, rapèl katastwòf tankou gwo van, lafimen, syèl ki gen anpil nyaj, sirèn, oswa lòt rapèl katastwòf ka lakòz santiman dezagreyab pou retounen. Lè ou gen yon istwa kèk kalite evènman twomatik ankò oswa estrès grav sa ka lakòz santiman sa yo.

Fason pou timoun yo siviv avèk katastwòf oswa ijans yo konekte souvan avèk fason paran yo siviv. Yo kapab detekte laperèz oswa tristès adilt yo. Paran yo ak adilt yo kapab fè katastwòf la mwen twomatik pou timoun yo lè yo fè etap pou kontwole pwòp santiman yo ak plan yo pou siviv. Paran yo toujou reprezante pi bon sous sipò pou pitit yo nan katastwòf yo. Yon fason pou kreye yon sans kontwòl ak pou devlope konfyans nan timoun yo anvan yon katastwòf se pou angaje yo ak fè yo patisipe nan preparasyon yon plan fanmi an pou katastwòf. Apre yon katastwòf, timoun yo kapab patisipe nan yon plan fanmi an pou reprann aktivite yo.

Fason pou Satisfè Bezwen Emosyonèl yon Timoun

 Reyaksyon timoun yo enfliyanse nan konpòtman, panse ak santiman adilt yo. Adilt yo ta dwe ankouraje timoun yo ak adolesan yo pou fè konnen panse ak santiman yo konsènan ensidan an. Eklèsi malantandi sou risk ak danje a. Pou fè sa, koute enkyetid timoun yo, epi reponn kesyon yo. Toujou rete kalm. Pou fè sa, aksepte enkyetid ak lide timoun yo, epi diskite avèk yo sou plan pozitif pou sekirite.

Koute sa timoun nan ap di. Si yon jèn timoun poze ou kesyon sou evènman an, reponn kesyon an senpleman san preparasyon ki nesesè pou yon pi gran timoun oswa yon adilt. Kèk timoun jwenn konsolasyon lè yo konnen plis oswa mwens enfòmasyon pase lòt timoun; deside ki enfòmasyon pitit patikilye ou bezwen. Si yon timoun gen pwoblèm pou fè konnen santiman li, kite timoun nan fè yon desen, oswa kite li rakonte yon istwa sou sa ki te pase a.

Eseye konprann sa ki lakòz gwo enkyetid ak laperèz yo. Sonje apre yon katastwòf, timoun yo gen plis laperèz pou:

 

  • Evènman ap rive ankò.
  • Yon moun ki pwòch yo ap mouri oswa ap pran chòk.
  • Y ap rete poukont yo oswa separe avèk fanmi yo.

Fason pou Bay Timoun yo Rasirans Apre yon Katastwòf

Sijesyon pou ede bay timoun yo rasirans gen ladan sa ki anba la yo:

  • Kontak pèsonèl bay timoun yo rasirans. Anbrase epi manyen pitit ou.
  • Bay vrè enfòmasyon yo yon fason kalm sou dènye katastwòf la ak sou plan ou genyen pou asire sekirite timoun yo ansanm avèk plan pou retounen nan aktivite ou.
  • Ankouraje pitit ou pale sou santiman li yo.
  • Pase plis tan avèk pitit ou tankou nan lè pou li dòmi.
  • Re-detèmine woutin chak jou ou pou travay, lekòl, jwèt, manje, ak repo.
  • Fè pitit ou yo patisipe. Pou fè sa, bay yo fè travay espesifik pou ede yo santi y ap ede fè fanmi an ak kominote a retounen nan aktivite yo.
  • Fè lwanj pou pitit ou epi rekonèt li gen yon konpòtman ki responsab.
  • Rekonèt pitit ou ap gen plizyè reyaksyon diferan nan katastwòf yo.
  • Ankouraje pitit ou yo ede fè chanjman nan yon plan katastwòf pou fanmi ou.

Si ou te eseye kreye yon anviwònman ki bay rasirans pou pitit ou lè ou swiv etap ki anwo a, men pitit ou kontinye ap montre li gen estrès, si reyaksyon yo vin grav apre yon sèten tan, oswa si reyaksyon yo nuizib pou konpòtman timoun nan chak jou nan lekòl, nan kay la, oswa avèk lòt relasyon, li ka nesesè pou pale avèk yon pwofesyonèl. Ou kapab jwenn èd pwofesyonèl nan klinik doktè premye swen timoun nan, yon founisè swen sante mantal ki espesyalize nan bezwen timoun, oswa yon manm legliz.

 Kontwole ak Limite Ekspozisyon nan Medya

 Bilten nouvèl ki asosye avèk yon katastwòf ka lakòz timoun nan gen laperèz ak konfizyon, epitou sa ka fè li gwo enkyetid. Sa vrè sitou pou gwo katastwòf yo oswa pou yon evènman teworis kote gen gwo domaj nan pwopriyete ak anpil moun ki mouri. Sitou pou pi jèn timoun yo, lè yo imaj yon evènman pi souvan sa ka lakòz yo kwè evènman an ap fèt ankò.

Si paran yo kite timoun yo gade televizyon itilize Entènèt kote yo montre imaj oswa nouvèl sou katastwòf la, paran yo ta dwe la avèk timoun yo pou ankouraje kominikasyon epi pou bay yo eksplikasyon. Sa ka gen ladan kontwòl paran yo ak limit apwopriye pou yo pa ekspoze tèt yo nan enfòmasyon ki bay gwo enkyetid.

Itilize Rezo Sipò yo

Paran yo ap ede pitit yo lè yo fè etap pou konprann ak kontwole pwòp santiman yo ak fason y ap siviv. Yo kapab fè sa lè yo devlope ak itilize sistèm sipò sosyal fanmi, zanmi, òganizasyon ak ajans kominotè, enstitisyon relijye, oswa lòt resous k ap travay pou fanmi an. Paran yo kapab devlope pwòp sistèm sipò sosyal inik yo yon fason lè gen yon sitiyasyon ijans oswa lè gen yon katastwòf yo kapab jwenn sipò ak èd pou kontwole reyaksyon yo. Kòm yon rezilta, paran yo ap pi disponib pou pitit yo epi y ap pi kapab sipòte yo. Paran yo toujou reprezante pi bon sous sipò pou pitit yo nan moman difisil yo. Men pou sipòte pitit yo, paran yo bezwen satisfè bezwen pa yo, epitou yo dwe gen yon plan pou pwòp sipò yo.

Preparasyon pou katastwòf la ap ede tout moun nan fanmi an aksepte reyalite ki endike gen katastwòf, epi sa ap bay yon posiblite pou idantifye ak rasanble resous ki nesesè pou satisfè bezwen debaz yo apre katastwòf la. Preparasyon ap ede; lè moun yo santi yo prepare, yo siviv pi byen, epitou timoun yo siviv pi byen tou.

Reyaksyon yon Timoun nan Katastwòf selon Laj

Anba la a se reyaksyon komen nan timoun apre yon katastwòf oswa evènman twomatik

Timoun ki fèk fèt jiska timoun ki gen laj 2 zan. Lè timoun yo toupre pou pale epi yo gen yon twomatis, yo pa gen mo pou dekri evènman an oswa santiman yo. Men, yo kapab toujou sonje sa yo te wè, sa yo te tande oswa sa yo te santi an patikilye. Tibebe yo ka reyaji nan twomatis la lè yo akaryat, lè yo kriye pase jan yo konn fè sa anvan, oswa lè yo vle pou yo kenbe yo ak apiye yo sou moun. Pi gwo enfliyans sou timoun ki gen laj sa a se fason paran yo siviv. Lè timoun yo vin pi gran, jwèt yo ka konsène fason y ap reprezante eleman evènman twomatik ki te pase depi plizyè jou anvan epi yo pètèt bliye.

Lekòl pre-matènèl - laj 3 zan jiska laj 6 zan. Timoun ki nan lekòl pre-matènèl souvan santi yo malere ak enpuisan lè yo nan yon evènman ki akablan. Akòz laj yo ak ti gwosè yo, yo pa gen mwayen pou pwoteje tèt yo oswa pou pwoteje lòt moun. Poutèt sa, yo santi gwo laperèz ak ensekirite si yo separe avèk moun k ap pran swen yo. Timoun ki nan lekòl pre-matènèl pa kapab konprann konsèp pèt pèmanan. Yo kapab konsidere konsekans yo kòm konsekans ki ka fèt nan sans envès oswa kòm chanjman ki pèmanan. Nan kèk semèn ki vini apre yon evènman twomatik, aktivite jwèt timoun ki nan lekòl pre-matènèl ka repwodui ensidan an oswa katastwòf la plizyè fwa.

Timoun ki gen laj pou lekòl - laj 7 ane jiska laj 10 zan. Timoun ki gen laj pou lekòl gen ladrès pou konprann pèmanans pèt la. Kèk timoun ap vin gen anpil enkyetid avèk detay yon evènman twomatik, epi y ap vle pale sou sa san rete. Enkyetid sa a kapab nuizib pou konsantrasyon timoun nan lè li lekòl, epitou rannman akademik li ka bese. Nan lekòl la, kamarad klas timoun yo ka bay yo enfòmasyon ki pa egzat. Yo ka montre plizyè kalite reyaksyon — tristès, laperèz jeneral, oswa laperèz espesifik pou gen katastwòf la ankò, kilpabilite pou aksyon oswa pou aksyon yo pa t fè pandan katastwòf la, kòlè pou paske yo pa t evite evènman an, oswa imajinasyon pou yo jwe wòl sekouris yo.

Pre-adolesans ak adolesans – laj 11 ane jiska laj 18 ane. Lè timoun yo vin pi gran,  y ap vin gen yon konpreyansyon sofistike sou evènman katastwòf la. Reyaksyon yo ap menm avèk reyaksyon adilt yo. Adolesan yo ka vin gen konpòtman danjere pou pran risk, tankou kondi machin avèk neglijans, oswa konsomasyon alkòl oswa dwòg. Lòt yo kapab vin gen laperèz pou kite lakay yo, epi pou yo evite kèk nivo aktivite, Pifò adolesans lan konsantre sou demenaje nan monn lan. Adolesan yo ka vin gen konpòtman danjere pou pran risk, tankou kondi machin avèk neglijans, oswa konsomasyon alkòl oswa dwòg. Yon adolesan ka santi li akable avèk gwo emosyon, epi li ka poko santi li kapab pou diskite sou yo avèk lòt moun.

Last updated: 04/17/2013 - 10:22 AM