U.S. flag

An official website of the United States government

Dot gov

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Https

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Flooded neighborhood. Flood waters cover a speed limit sign, houses in the background.

Inondasyon

Prepare pou yon inondasyon

Pandan yon inondasyon

Apre yon inondasyon

Kontni ki gen rapò

Inondasyon se yon debòdman tanporè dlo sou teren ki ta nòmalman sèk. Inondasyon se katastwòf natirèl ki pi komen nan Etazini. Si ou pa evakye zòn ki inonde oswa antre nan dlo inondasyon an sa kapab kondwi nan blesi oswa lanmò.

Inondasyon yo kapab:

  • Lakoz nan lapli, nèj, tanpèt kotyè, tanpèt bò lanmè, vag tanpèt ak debòdman baraj ak lòt sistèm dlo.
  • Devlope lantman oswa rapidman.  Inondasyon ki kapab vini san avètisman.
  • Koze pann, deranje transpòtasyon, bilding andomaje ak kreye glisman tè.

 Si w anba yon avètisman inondasyon:

Image
Illustration Flood Alert Warning
  • Jwenn yon abri san danje touswit.
  • Pa mache, naje oswa kondwi nan dlo inondasyon. Vire, Pa Nwaye!
  • Pa bliye, sèlman sis pous nan yon dlo ki an mouvman kapab ranvèse w, epi yon pye dlo ki an mouvman kapab pote veyikil ou ale.
  • Rete lwen pon sou dlo kap deplase rapidman.
  • Depannde kalite inondasyon:
    • Evakye si yo mande w pou fè sa.
    • Deplase ale yon kote ki pi wo oswa yon etaj ki pi wo.
    • Rete kote ou ye a.

Prepare pou yon Inondasyon

Konnen Risk ou pou Inondasyon
Vizite Sant Sèvis Kat Inondasyon FEMA pou konnen ki kalite risk inondasyon ki genyen nan zòn ou an. Enskri nan sistèm avètisman kominote ou an. Sistèm Avètisman Ijans [Emergency Alert System (EAS)] ak Administrasyon Nasyonal Atmosferik ak Oseyanik [National Oceanic and Atmospheric Administration (NOAA)] Radio Meteyolojik bay avètisman ijans tou.

Achte Asirans Inondasyon
Achte oswa renouvle kontra asirans inondasyon. Kontra asirans inondasyon mèt kay pa kouvri inondasyon.  Li pran jeneralman jiska 30 jou pou yon kontra asirans anvigè kidonk lè pou achte a se anvan yon katastwòf. Jwenn kouvèti asirans inondasyon anba Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon [National Flood Insurance Program (NFIP)].

 

Prepare pou yon Inondasyon
Fè yon plan pou kay ou, enkli bèt kay ou yo, kidonk oumenm ak fanmi w konnen kisa pou fè, kote pou ale, ak kisa wap bezwen pou pwoteje tèt ou kont inondasyon.  Aprann ak pratike wout inondasyon, plan abri ak repons nan inondasyon sanzatann. Rasanble founiti yo, enkli manje ki pa p gate, pwodui netwayaj, ak dlo pou plizyè jou, sizoka ou    dwe kite imedyatman oswa si sèvis yo koupe nan zòn ou an.

Nan ka yon Ijans
Kenbe dokiman enpòtan yo nan yon resipyan ki rezistan avèk dlo. Kreye kopi dijital ki pwoteje pa modpas. Pwoteje pwopriyete w.  Deplase objè ki gen valè nan piwo nivo. Dezankonbre drenaj ak goutyè yo. Enstale tiyo vann yo. Konsidere yon ponp pwiza avèk yon batri.

Rete Ansekirite pandan yon Inondasyon

Image
Illustrasyon Zòn Avètisman Inondasyon
  • Evakye imedyatman, si yo mande w pou evakye.  Pa janm kondwi toutotou barikad. Sekouris lokal yo itilize yo pou dirije an tout sekirite sikilasyon andeyò zòn inonde yo.
  • Kontakte pwofesyonèl swen sante w si ou malad ak bezwen atansyon medikal.  Rete tann plis enstriksyon pou swen ak abri anplas, si posib. Si wap eksperimante yon ijans medikal, rele  9-1-1.
  • Koute EAS, NOAA Radyo Meteyolojik oswa sistèm Avètisman Lokal pou enfòmasyon ijans aktyèl ak enstriksyon osijè inondasyon.
  • Pa mache, naje oswa kondwi nan dlo inondasyon. Vire, Pa Nwaye!
  • Rete lwen pon sou dlo kap deplase rapidman. Dlo kap deplase rapidman ka lave pon yo touswit san avètisman.
  • Rete andedan veyikil ou si li bloke nan yon dlo kap deplase rapid. Monte sou twati a si dlo a ap monte andedan veyikil la.
  • Ale nan nivo ki piwo si ou bloke nan yon bilding. Monte sèlman sou twati a si sa nesesè ak lè gen siyal pou èd. Pa monte nan yon grenye ki fèmen pou evite tonbe pa dlo inondasyon kap monte.

Rete Ansekirite apre yon Inondasyon

Image
Illustration of a gloved hand cleaning up personal belongings from flood waters in their home.
  • Prete atansyon avèk otorite yo pou enfòmasyon ak enstriksyon. Retounen lakay ou sèlman lè otorite yo di li ansekirite pou fè sa.
  • Evite kondwi sof nan ka ijans yo.
  • Mete gan travay ki epè, rad pwotektiv ak bòt pandan netwayaj epi itilize kouvèti figi ki apwopriye oswa mask si wap netwaye mwazi oswa lòt debri. 
  • Moun ki gen opresyon ak lòt maladi nan poumon ak/oswa sipresyon iminitè pa ta pa ta dwe antre nan bilding ki gen dlo kap koule oswa mwazi kap grandi ou ka santi oswa wè. Timoun yo pa ta dwe patisipe nan travay netwayaj apre yon sèvis katastwòf.
  • Fè atansyon avèk koulèv epi ka gen lòt bèt lakay ou.
  • Pran prekosyon sou risk elektwokisyon. Pa manyen ekipman elektrik si li mouye oswa si ou kanpe nan dlo. Fèmen elektrisite a pou anpeche chòk elektrik si li ansekirite pou fè sa.
  • Evite patoje nan dlo inondasyon, sa ki kapab kontamine epi ki gen ladann debri danjere. Liy elektrik ki anbatè oswa ki tonbe kapab gen kouran nan dlo a.
  • Itilize yon dèlko oswa lòt machin ki alimante avèk gazolin SÈLMAN deyò ak lwen bò kote fenèt yo.

Kontni ki gen rapò

Last Updated: 01/25/2022

Return to top