Ouragan

Obsèvasyon ki fèt nan lespas pou yon siklòn ki nan Gòlf Meksik

Ankouraje lòt yo aji lè ou trase yon egzanp pou tèt ou, Angajman pou Prepare epi fè lòt yo konnen sa!

Angajman pou Prepare

Yon ouragan se yon kalite siklòn twopikal oswa tanpèt twopikal grav ki fòme nan Oseyan Atlantik, Lanmè Antiy yo, Gòlf Meksik, ak nan lès Oseyan Pasifik. Yon siklòn nòmal vini avèk oraj, epi nan EmisfÇ Nò a, yon sikilasyon van nan sans kontrè yon mont toupre sifas tè a.

Ka gen ouragan nan tout zòn lakòt Atlantik ak Gòlf Meksik la. Pati Sidwès Etazini ak Lakòt Pasifik la ka pran gwo lapli ak inondasyon tou chak ane nan ouragan ki devlope nan Meksik. Sezon ouragan Atlantik la dire ant mwa jen ak mwa novanm, avèk sezon anpil aktivite ant mitan mwa out ak fen oktòb. Sezon ouragan Lès Pasifik la kòmanse 15 me epi li fini 30 novanm.

Ouragan yo kapab lakòz anpil gwo domaj nan litoral yo, ak nan yon distans plizyè santèn mil nan zòn andedan. Ouragan an kapab vini avèk van ki depase yon vitès 155 mil pa èdtan menm jan ak tònad ak mikwo-rafal. Answit, ouragan yo kapab kreye onn tanpèt toutolon lakòz la, epi lakòz anpil domaj nan gwo lapli. Inondasyon ak debri k ap vole nan gwo van yo se souvan rezilta lanmò ak destwiksyon evènman metewolojik sa yo. Ouragan k ap vanse dousman k ap deplase nan rejyon montay ka sitou bay gwo lapli. Gwo-gwo lapli kapab deklanche glisman teren oswa eboulman teren. Kapab genyen inondasyon sanzatann akòz anpil lapli.

Ant ane 1970 ak 1999, plis moun te pèdi lavi yo nan inondasyon dlo lapli nan zòn andedan ki te asosye avèk siklòn twopikal pase nan nenpòt lòt danje tan ki asosye avèk tanpèt yo.

Yon moun k ap kloure playoud sou fenèt kay li.Anvan yon Ouragan

Pou prepare pou yon ouragan, ou ta dwe pran mezi sa yo:

  • Pou kòmanse prepare, ou ta dwe prepare yon twous rezèv pou ijans epi ou ta dwe fè yon plan kominikasyon pou fanmi ou.
  • Konnen antouraj ou.
  • Aprann nivo elevasyon pwopriyete ou ak si teren an ekspoze nan inondasyon. Sa ap ede ou konnen kijan pwopriyete ou ap afekte lè yo prevwa onn tanpèt oswa inondasyon lamare.
  • Idantifye miray pwoteksyon ak baraj ki nan zòn ou, epi detèmine si yo reprezante yon danje pou ou.
  • Aprann wout deplasman kominote a pou ouragan, epitou aprann fason pou jwenn kote ki wo. Detèmine kote ou ta ka ale, ak fason ou ta rive la si ou te bezwen deplase.
  • Fè plan pou pwoteje pwopriyete ou:
  • Kouvri tout fenèt kay ou. Pèsyèn pèmanan anti-tanpèt bay pi bon pwoteksyon pou fenèt yo. Yon dezyèm posiblite se bouche fenèt yo avèk plawoud 5/8", koupe pou li ka antre ak pare pou enstale. Adeziv pa anpeche fenèt yo kraze.
  • Enstale bretèl anti-siklòn oswa klanp adisyonèl pou tache do kay ou sere nan estrikti fondasyon an. Sa ap redui domaj sou do kay la.
  • Asire pyebwa ak ti pyebwa ki toutotou kay ou byen debranche pou yo kapab reziste plis nan van an.
  • Netwaye goutyè ak tiyo ekoulman dlo lapli ki lache ak bouche.
  • Ranfòse pòt garaj ou yo; si van antre nan yon garaj li kapab lakòz domaj danjere k ap koute chè nan fondasyon kay la.
  • Planifye pou rantre nan kay la tout mèb, dekorasyon, poubèl ak nenpòt lòt bagay ki deyò epi ki pa byen mare.
  • Detèmine kijan ak ki kote pou pwoteje bato ou.
  • Enstale yon frijidè pou ijans.
  • Si ou nan yon bilding ki wo anpil, prepare pou ale nan abri sou oswa anba 10yèm etaj la.
  • Anvizaje bati yon chanm pwoteksyon.

Ouragan yo vini avèk gwo lapli ki kapa lakòz gwo domaj inondasyon nan zòn lakòt yo ak nan zòn andedan yo. Tout moun nan risk, epi yo ta dwe anvizaje pran pwoteksyon asirans pou inondasyon. Asirans pou inondasyon se sèl fason pou pwoteje pwopriyete ou oswa biznis ou sou plan finansye kont domaj nan inondasyon. Pou jwenn plis enfòmasyon sou risk pou inondasyon ak sou fason pou pwoteje tèt ou ak biznis ou, ale sou Entènèt nan sitwèb Administrasyon Federal Asirans ak Rediksyon Risk (NFIP),www.floodsmart.gov oswa ree 1-800-427-2419. Pou jwenn plis enfòmasyon detaye sou fason ou kapab pwoteje pwopriyete ou.

Echèl Saffir-Simpson pou Van Ouragan

Echèl Saffir-Simpson pou Van Ouragan klase ouragan yo an senk (5) kategori ki baze sou vitès van regilye nan moman ki endike. Echèl Saffir-Simpson pou Van Ouragan bay enfòmasyon sou enpak van yo sèlman. Echèl la pa abòde posiblite pou lòt enpak ki asosye avèk oragran an, tankou onn tanpèt, inondasyon dlo lapli, ak tònad.

Ouragan ki rive nan Kategori 3 ak pi wo konsidere kòm gwo ouragan akòz posiblite yo genyen pou lakòz anpil moun mouri ak gwo domaj nan pwopriyete yo.

Tanpèt kategori 1 ak 2 toujou danjere, men ou dwe pran mezi pou prekosyon pou yo.

Rezime Echèl Saffir-Simpson pou Van Ouragan

CHIF ECHÈL LA (KATEGORI)

GWO REGILYE (MPH)

DOMAJ

1

74-95

Van ki trè danjere ap lakòz kèk domaj

  • Ti domaj deyò kay yo
  • Branch pyebwa ki tonbe, derasinman pi piti pyebwa yo
  • Gwo domaj nan liy kouran, blakawout

2

96-110

Van ki trè-trè danjere ap lakòz gwo domaj

  • Gwo domaj deyò kay yo
  • Derasinman ti pyebwa ak anpil wout ki bloke
  • Ap gen blakawout pandan anpil peryòd tan ki long – anpil jou rive nan anpil semèn

3

111-129

Ap gen gwo domaj

  • Gwo domaj deyò kay yo
  • Anpil pyebwa ki derasinen epi anpil wout ki bloke
  • Yon ti kantite dlo ak kouran ki disponib

4

130-156

Ap gen anpil gwo domaj

  • Pèt estrikti do kay ak/oswa kèk miray deyò
  • Pifò pyebwa ki derasinen epi pifò liy kouran ki tonbe
  • kay ki izole akòz debri ki anpile
  • Blakawout ki dire anpil semèn pou rive nan anpil mwa

5

157 oswa pi wo

Ap gen anpil gwo domaj

  • Yon gwo pousantaj kay ap detwi
  • Pyebwa ki tonbe ak liy kouran ki izole zòn kote moun abite
  • Blakawout ki dire anpil semèn pou rive nan anpil mwa
  • Moun p ap kapab abite nan pifò zòn yo

Pou jwenn plis enfòmasyon sou Echèl Saffir-Simpson pou Van Ouragan, ale sou Entènèt nan sitwèb Sant Nasyonal Previzyon Ouragan.

Pou jwenn enfòmasyon sou Echèl la jan li afekte Hawaii, ale sou Entènèt nan sitwèb Sant Nasyonal Previzyon Ouragan.

Onn Tanpèt

Pi gwo posiblite pou Pi gwo posiblite pou moun pèdi lavi yo akòz yon siklòn se nan onn tanpèt la!

Onn tanpèt la se senpleman dlo ki pouse sou lakòt la akòz fòs toubiyon van ki toutotou tanpèt la. Onn tanpèt sa a k ap vanse a melanje avèk lamare nòmal yo pou kreye lamare tanpèt ouragan an, ki kapab ogmante nivo mwayen dlo a nan wotè ki afekte wout, kay ak lòt enfrastrikti enpòtan. Answit, vag lanmè ki vini nan van yo dispoze youn sou lòt sou lamare tanpèt la. Monte sa a ki fèt nan nivo dlo a kapab lakòz gwo inondasyon nan zòn lakòt yo, sitou lè lamare tanpèt la vini anmenmtan avèk lamare wo nòmal yo. Paske anpil litoral Atlantik ak Gòlf Meksik ki peple anpil Ozetazini rete mwens pase 10 pye anwo nivo lanmè a, danje ki nan lamare tanpèt yo se yon gwo danje.

Onn tanpèt ki melanje avèk aksyon vag lanmè a kapab lakòz gwo domaj, plaj ak otowout lakòt la ki wonje yon fason grav. Avèk gwo tanpèt tankou Katrina, Camille ak Hugo, kominote lakòt yo te detwi nèt. Anpil bilding reziste kont van fò ouragan yo jouk lè fondasyon yo ki souke nan ewozyon vin febli ak tonbe.

Konnen Tèm yo

Abitye ou avèk Abitye ou avèk tèm sa yo pou ede ou idantifye yon danje ouragan:

Siklòn Twopikal: Yon siklòn ki gen nwayo cho, ki pa fwontal, ki mezire sou yon echèl sinoptik, ki fòme sou dlo twopikal oswa sou-twopikal, ki gen konveksyon pwofon òganize ak yon sikilasyon van nan sifas fèmen toutotou yon sant ki byen defini. Depi yon siklòn twopikal fòme, li antreteni avèk ekstraksyon enèji tèmik nan oseyan an nan tanperati ki wo ak ekspòtasyon chalè nan tanperati ba twoposfè wo a.

Depresyon Twopikal: Yon siklòn twopikal kote vitès maksimòm van regilye sifas (avèk mwayèn 1 minit Ozetazini) se 38 mph (33 ne) oswa mwens.

Tanpèt Twopikal: Yon siklòn twopikal kote vitès maksimòm van regilye sifas (avèk mwayèn 1 minit Ozetazini) se ant 39 mph (34 ne) ak 73 mph (63 ne).

Ouragan: Yon siklòn twopikal kote vitès maksimòm van regilye sifas (avèk mwayèn 1 minit Ozetazini) se 74 mph (64 ne) oswa plis.

Onn Tanpèt: Yon monte anòmal nivo lanmè a ki vini avèk yon ouragan oswa lòt gwo tanpèt, epi wotè li se diferans ant nivo sifas lanmè yo obsève ak nivo ki te ka genyen si pa t gen siklòn nan. Anjeneral, pou estime onn tanpèt la, ou fè soustraksyon lamare nòmal oswa lamare wo nan lamare tanpèt ki obsève a. Onn tanpèt la kapab rive nan wotè ki depase 20 pye, epi li kapab deplwaye sou yon distans anpil santèn mil nan litoral la.

Lamare Tanpèt: Vrè nivo dlo lanmè a akòz lamare astwonomik ki melanje avèk onn tanpèt la.

Avètisman pou Ouragan: Yon anons ki endike yo prevwa kondisyon ouragan (van regilye ki gen yon vitès 74 mph oswa plis) yon kote nan zòn ki espesifye a. Paske aktivite preparasyon pou ouragan an vin difiil depi van yo vin gen fòs tanpèt twopikal, yo pibliye avètisman pou ouragan an 36 èdtan anvan kòmansman ki prevwa pou van k ap gen fòs tanpèt twopikal.

Siveyans pou Ouragan: Yon anons ki endike yo li posib pou gen kondisyon ouragan (van regilye ki gen yon vitès 74 mph oswa plis) nan zòn ki espesifye a. Paske aktivite preparasyon pou ouragan an vin difiil depi van yo vin gen fòs tanpèt twopikal, yo pibliye siveyans pou ouragan nan 48 èdtan anvan kòmansman ki prevwa pou van k ap gen fòs tanpèt twopikal.

Avètisman pou Tanpèt Twopikal: Yon anons ki endike yo prevwa kondisyon tanpèt twopikal (van regilye k ap gen yon vitès 39 a 73 mph) yon kote nan zòn ki espesifye a nan 36 èdtan.

Siveyans pou Tanpèt Twopikal: Yon anons ki endike li posib pou gen kondisyon tanpèt twopikal (van regilye k ap gen yon vitès 39 a 73 mph) nan zòn ki espesifye a nan 48 èdtan.

Siveyans ak Avètisman pou Tan Kout: Siveyans/avètisman sa yo bay enfòmasyon detaye sou menas ouragan espesifik, tankou inondasyon sanzatann ak tònad.

Pandan yon Ouragan

Si ka gen yon ouragan nan zòn ou, ou ta dwe:

  • Koute radyo oswa gade televizyon pou jwenn enfòmasyon.
  • Pwoteje kay ou, fèmen pèsyèn anti-tanpèt yo, epi pwoteje objè ki deyò yo, oswa mete yo andedan.
  • Fèmen sèvis piblik yo si ou jwenn enstriksyon pou fè sa. Sinon, mete tèmosta frijidè a nan pozisyon ki pi frèt la epi kite pòt yo fèmen.
  • Fèmen tank gaz pwopàn yo
  • Pa itilize telefòn nan, sof pou ijans grav.
  • Tache bato ou si gen bon tan.
  • Asire yonpwoteje manje yo pandan ak apre ijans lan.
  • Chèche konnen kijan pou pou pwoteje manje yo pandan ak apre ijans lan.

Ou ta dwe deplase lè gen kondisyon sa yo:

Si otorite lokal yo mande ou pou fè sa. Asire ou swiv enstriksyon otorite yo.

Li plis enfòmasyon sou fason pou deplase tèt ou ak fanmi ou. Si ou pa kapab deplase, ale nan chanm ou ki gen pwoteksyon kont van an. Si ou pa gen youn, swiv gid sa yo:

  • Si w ap viv nan yon kay-sou-woulèt oswa nan yon lojman pwovizwa – abri sa yo danjere sitou pandan ouragan kèlkeswa jan yo byen fiske avèk sòl la.
  • Si w ap viv nan yojn bilding ki wo anpil – van ouragan yo pi fò nan elevasyon ki pi wo yo.
  • Si w ap viv sou lakòt la, nan yon plèn ki ekspoze nan inondasyon, toupre yon rivyè, oswa sou yon wout navigab nan zòn andedan.
    • Rete andedan lakay ou pandan ouragan an, epitou rete lwen fenèt ak pòt an vit yo.
    • Fèmen tout pòt andedan yo – pwoteje ak ranfòse pòt deyò yo.
    • Kite rido ak fasad yo fèmen. Pa twonpe ou si gen yon kalm; se kapab zye tanpèt la – van an ap soufle ankò.
    • Pran abri nan yon ti chanm andedan, plaka oswa koulwa ki nan etaj ki ba a.
    • Kouche sou planche a anba yon tab oswa anba yon lòt objè solid.
    • Pa montre nan asansè.

Apre yon Ouragan

  • Si ou bezwne plis Si yon Kontinye koute yon Radyo Metewolojik NOAA oswa nouvèl lokal pou konnen dènye enfòmasyon yo.
  • Rete vijilan pou lapli k ap tonbe pi lontan ak inondasyon k ap genyen menm apre ouragan oswa tanpèt twopikal la sispann.
  • Si ou vin separe avèk fanmi ou, itilize plan kominikasyon fanmi ou, oswa kontakte FEMA oswa Lakwa-Wouj Ameriken.
  • Lakwa-Wouj Ameriken genyen tou yon baz done pou ede jwenn fanmi yo. Kontakte biwo Lakwa-Wouj Ameriken zòn kote ou rete a pou jwenn enfòmasyon yo. Pa kontakte biwo ki nan zòn ki gen katastwòf la.
  • Si ou te deplase, retounen lakay ou sèlman lè ofisyèl yo di ou ka fè sa.
  • Si ou pa kapab retounen lakay ou, epi si ou gen bezwen imedyat pou lojman. Voye tèks SHELTER + Kòd postal ou nan 43362 (4FEMA) pou jwenn abri ki pi pre nan zòn ou (egzanp: shelter 12345).
  • Pou moun ki gen bezwen lojman pou anpil tan, FEMA ofri plizyè kalite asistans, tankou sèvis ak sibvansyon pou ede moun repare kay yo, epi pou jwenn lojman ranplasman. Aplike pou asistans oswa chèche enfòmasyon sou resous lokasyon lojman
  • Kondi sèlman si li nesesè, epi evite wout ki inonde ak pon ki kraze anba dlo. Pa rete nan lari. Si ou dwe sòti, siveye objè ki tonbe yo; fil elektrik ki nan dlo; epi pyebwa, pon, ak twotwa ki pa solid yo.
  • Rete lwen liy kouran ki lache oswa ki pandye, epi rapòte yo imedyatman ba konpayi kouran elektrik la.
  • Mache avèk anpil prekosyon deyò kay ou, epi tcheke pou wè si gen liy kouran ki lache, fuit gaz ak domaj nan fondasyon kay la anvan ou antre.
  • Rete deyò nenpòt bilding si ou pran sant gaz, si ou wè dlo inondasyon ki rete toutotou bilding nan, oswa si dife te domaje kay ou, epitou si otorite yo poko deklare ou ka antre.
  • Enspekte kay ou pou wè si gen domaj. Fè foto domaj yo, bilding nan ak tout sa ki ladan, pou reklamasyon nan asirans. Si ou pa sèten pou sekirite ou, fè yon enspektè bilding kalifye oswa yon enjenyè konstwiksyon enspekte kay ou anvan ou antre.
  • Itilize flach ki fonksyone avèk pil nan fènwa. PA itilize bouji. Nòt: Ou ta dwe limen flach la deyò anvan ou antre - pil la ka fè yon etensèl ki ka limen fuit gaz, si genyen.
  • Siveye bèt kay yo deprè, epi kenbe yo anba kontwòl dirèk ou. Siveye bèt sovaj, sitou koulèv venime yo. Itilize yon bout bwa pou pouse debri yo.
  • Pa bwè oswa pa prepare manje avèk dlo tiyo jouk lè ou sèten dlo pa pa kontamine.
  • Tcheke manje ki nan frijidè a pou wè si yo gate. Si ou pa sèten, jete manje yo.
  • Mete rad pwoteksyon, epi pran anpil prekosyon lè w ap netwaye pou pa pran chòk.
  • Itilize telefòn nan sèlman si w ap rele pou ijans.
  • PA JANM itilize yon dèlko andedan kay, garaj, depo, oswa zòn sanblab, menm lè w ap itilize vantilatè oswa menm lè pòt ak fenèt yo louvri pou ayerasyon. Nivo danjere gaz kabonik kapab akimile byen vit nan zòn sa yo, epi sa kapab kontinye pandan plizyè èdtan, menm apre lè dèlko a etenn.

Si ou bezwen plis Zanmi, vwazen ak kamarad ou yo gen plis chans pou prepare pou plizyè kalite danje tan ki afekte nasyon an souvan lè yo wè moun ki nan zòn yo ap prepare, kidonk ankouraje yo pou yo aji lè ou trase yon egzanp pou tèt ou. Premye eta ou kapab fè se Fè Pwomès pou Prepare. Resous w ap resevwa yo lè ou fè sa ap ba ou zouti pou fè fanmi ak kominote ou pi pwoteje, pi detèmine, epi pi byen prepare.

Epitou, gadjè a pèmèt ou divilge tèks ak imaj ou yo dirèkteman ba moun ki vini nan sitwèb ou. Lyen yo ap mennen itilizatè yo nan tèks ak imaj pou ede yo aprann kichòy sou risk, konnen kijan pou yo fè aksyon, epi wè kisa lòt yo ap fè pou vin yon fòs lanati. Oumenm oswa ekip sitwèb ou senpleman bezwen pran kòd kout nou an, mate li nan sitwèb ou, epi ou fini.

Piblikasyon

PIBLIKASYON FEMA

Si ou bezwen plis enfòmasyon sou nenpòt nan sijè sa yo, resous ki anba la yo ka ede ou.

LÒT PIBLIKASYON

SITWÈB KI ASOSYE

Ale sou Entènèt nan sitwèb ki anba la yo pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou planifye ak prepare pou yon ouragan ak sou fason pou konnen resous ki disponib yo:

FÒMASYON KI REKÒMANDE

FEMA's Emergency Management Institute (EMI) devlope yon pwogram fòmasyon pou ankouraje kominote a prepare pou ouragan. Kou sa a ki baze nan òdinatè a bay enfòmasyon debaz sou fason pou bay repons pou siklòn ak ouragan yo. Ale sou Entènèt nan sitwèb EMI epi chwazi 'take this course' (pran kou sa a) nan kolòn anlè adwat pou pran kou konvèsasyonèl ki baze nan sitwèb la.

KOUTE OFISYÈL LOKAL YO

Aprann kichòy sou plan pou ijans yo gouvènman eta ak gouvènman lokalkreye nan zòn ou. Nan nenpòt ijans, toujou koute enstriksyon ofisyèl jesyon ijans lokal yo bay.

Last updated: 04/29/2013 - 02:50 PM