U.S. flag

An official website of the United States government

Dot gov

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Https

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

ocean waves in a storm

Siklòn

Prepare pou Siklòn

Rete an Sekirite Pandan

Retounen Lakay

Resous Adisyonèl

Siklòn danje epi li ka lakoz gwo dega nan ond tanpèt la, deblozay van fè, anpil lapli ak inondasyon. Yo ka rive sou nenpòt zòn kot ameriken yo oswa sou tèritwa Atlantik oswa oseyan Pasifik la. Istorikman, ond tanpèt se koz prensipal lanmò ki lye ak gwo van nan peyi Etazini.

feature_mini img

Sezon Siklòn sou Zòn Pasifik de Lès: 15 Me-30 Novanm.

feature_mini img

Sezon Siklòn Zòn Atlantik la: 1 Jen-30 Novanm.

feature_mini img

Sezon Siklòn Zòn Pasifik Santral: 1 Jen-30 Novanm.

Prepare pou Siklòn

Konnen Ris Siklòn Ou

Siklòn pa sèlman yon pwoblèm nou rankontre sou kot yo. Dekouvri fason lapli, van, dlo ak menm tònad ka rive fèt byen lwen kote pa gen tè apati kote yon siklòn oswa tanpèt twopikal rive sou tè. Kòmanse prepare kounye a.

Fè yon Plan Ijans

Asire w tout moun kote w rete a konnen ak konprann preparasyon ou fè pou siklòn nan. Ki gen ladan biwo, swen pou timoun, ak tout lòt kote w frekante nan plan siklòn ou yo. Asire w biznis ou gen yon plan pou kontinye fonksyone lè katastwòf la rive.

Konnen Zòn Evakyasyon ou

Ou ka dwe kite rapidman akoz yon siklòn si w rete nan yon zòn evakyasyon. Chèche konnen wout evakyasyon w yo, pratike ak moun epi ak bèt lakay ou, idantifye ki kote ou pral rete. 

  • Suiv enstriksyon jesyonè lokal pou mezi an ijans yo, ki travay nan kolaborasyon ak ajan ak patnè Leta, lokal, tribal ak teritoryal yo. Yo pral bay dènye rekòmandasyon yo ki baze sou menas pou kominote w la ak mezi sekirite ki apwopriye yo.

Rekonèt Avètisman ak Alèt

Gen plizyè fason pou resevwa alèt.Telechaje aplikasyon FEMA a epi resevwa alèt nan tan reyèl Sèvis Meteyoloji Nasyonal la pou senk anplasman maksimòm pou tout nasyon an. Enskri pou resevwa alèt kominotè yo nan lokalite w la epi konsyan de Sistèm Alèt Djans (Emergency Alert System, EAS) ak Alèt DIjans Adistans (Wireless Emergency Alert, WEA), ki pa mande pou enskri.

Moun ki gen Andikap

Gade pou wè si w pa bezwen èd anplis pandan yon ijans, si ou menm oswa moun lakay ou gen yon andikap.

Revize Dokiman Enpòtan yo

Asire w papye asirans ak dokiman pèsonèl ou yo, tankou pyès idantite, ajou. Fè kopi epi kenbe yo nan yon espas dijital sekirite modpas pwoteje.

Ranfòse Kay ou

Detwaye dren ak dal yo, mete tout mèb deyò, epi sonje gwo van pote tout sa yo jwenn.

Preparasyon Teknolojik

Kite telefòn ou chaje lè w konnen yon siklòn gen pou rive epi achte aparèy pou chaje aparèy elektwonik.

Ede Moun  ki nan vwazinaj ou

Voye je sou vwazen, granmoun yo, oswa moun ki ka bezwen èd anplis nan plan ou fè pou siklòn nan yon fason pou ka ede lòt yo

Rasanble Founiti

Fè ase pwovizyon pou moun lakay ou, tankou medikaman, pwodui dezenfektan ak pwovizyon pou bèt nan valiz ou vwayaj ou oswa nan kòf machin ou. Ou ka pa gen aksè ak pwovisyon sa yo pandan kèk jou oswa pandan kèk semèn aprè yon siklòn

Rete an sekirite pandan yon siklòn

feature_mini img

Fè nouvèl

  • Prete atansyon ak enfòmasyon ak alèt ijans yo
  • Si w rete nan zòn ki obligatwa pou kite l epi responsab lokalite w yo mande pou kite l, fè sa menm kote a.
feature_mini img

Jere kondisyon meteyolojik yo

  • Defini pi bon fason pou pwoteje tèt ou kont gwo van ak inondasyon.
  • Pran refij ou nan abri yo fè pou siklòn oswa anndan yon chanm pou gwo van yo.
  • Ale nan etaj ki pi wo nan bilding nan pandan gen inondasyon. Pa monte nan grenye ki fèmen. Ou ka pyeje la pandan dlo yo ap monte.
  • Pa mache, naje oswa plonje nan dlo inondasyon yo. Vire. Pa Neye! Jis sis pous dlo k ap deplase rapid ka frape w, epi yon pye dlo k ap deplase ka pote machin ou ale.

Retounen lakay aprè yon siklòn

  • Prete atansyon ak enfòmasyon ak enstriksyon responsab lokal yo ap bay.
  • Fè atansyon pandan w ap fè netwayaj. Mete rad pwoteksyon, itilize bagay pou kouvri vizaj oswa mas ki apwopriye si w ap netwaye labou ak debri. Moun ki fè opresyon e ki gen pwoblèm poumon ak/oswa defisi iminitè pa dwe antre nan bilding ki gen dlo k ap koule, anpil labou ki santi, menm si moun sa yo pa alèji ak labou. Timoun pa dwe fè okenn travay netwayaj aprè yon katastwòf.
  • Mete rad pwoteksyon epi travay ak yon lòt moun.
  • Pa manyen ekipman elektrik si li mouye oswa si w kanpe nan dlo. Si pa gen danje pou fè sa, koupe kouran nan brekè prensipal la oswa nan bwa fyouz la pou anpeche chòk elektrik.
  • Pa travèse a pye dlo inondasyon yo ki ka gen patojèn ki ka koz maladi. Dlo sa ka genyen debri, pwodui chimik, dechè ak vye bèt. Fil kouran ki anba tè ak anba dlo ka bay dlo a kouran.
  • Sove apèl nan telefòn pou ijans. Sistèm telefonik yo souvan tonbe oswa okipe aprè yon katastwòf. Sèvi ak mesaj tèks oswa medya sosyal pou kominike ak fanmi ak zanmi.
  • Fè foto tout byen ki andomaje yo. Kontakte konpayi asirans lan pou ede w.

Resous Adisyonèl

Videyo

Grafik

Fich enfòmasyon

Plis enfòmasyon

Last Updated: 04/12/2022

Return to top