Tounen Lakay

Volontè FEMA ap ede fanm nan retounen lakay liLi ka difisil sou plan fizik ak mantal pou retounen lakay ou. Anvan tout bagay, pran anpil prekosyon. Ou ka vle prese pou wè pwopriyete ou, men pa retounen lakay ou anvan ofisyèl lokal yo deklare zòn nan pwoteje.

Anvan Ou Antre Lakay Ou

Enspektè bilding ap evalye kay ki domaje apre yon katastwòf.Enspekte kay ou avèk anpil prekosyon anvan ou antre.

Mache avèk anpil prekosyon deyò kay ou, epi tcheke pou wè si gen liy kouran ki lache, fuit gaz ak domaj nan fondasyon kay. Si ou pa sèten pou sekirite ou, fè yon enspektè bilding kalifye oswa yon enjenyè konstwiksyon enspekte kay ou anvan ou antre.

  • Kite yon radyo ki fonksyone avèk pil nan men ou pou ou kapab koute dènye enfòmasyon yo ak bilten nouvèl sou ijans lan.
  • Itilize yon flach ki limen avèk pil pou enspekte yon kay ki domaje.
  • Nòt: Ou ta dwe limen flach la deyò anvan ou antre - pil la ka fè yon etensèl ki ka limen fuit gaz, si genyen.
  • Siveye bèt sovaj, sitou koulèv venime yo. Itilize yon bout bwa pou pouse debri yo.
  • Itilize telefòn nan sèlman pou rapòte ijans ki menase lavi moun.
  • Lè ou retounen lakay ou, siveye objè ki tonbe yo; fil elektrik ki nan dlo; epi miray, pon, wout ak twotwa ki pa solid yo.

Pa antre si:

  • Oo pran sant gaz.
  • Dlo inondasyon yo rete toutotou bilding nan.
  • Dife te domaje kay ou, epi otorite yo pa t deklare li pwoteje.

Fason Pou Antre Andedan Kay Ou

Yon nonm ap netwaye kay li apre yon katastwòf.  Pran prekosyon lè w ap antre lakay ou apre yon katastwòf.

Lè w ap antre andedan kay ou, gen sèten bagay ou ta dwe fè ap pa fè. Antre nan kay la avèk anpil prekosyon epi tcheke pou wè si gen domaj. Sonje ka gen planch ki lache ak planche ki glise. Bagay ki endike anba la yo se lòt bagay pou tcheke andedan lakay ou:

  • Gaz natirèl. Si ou pran sant gaz oswa si ou tande yon son k ap soufle oswa k ap sifle, louvri yon fenèt epi deplase imedyatman. Fèmen vàn prensipal gaz la ki deyò kay la, si ou kapab. Rele konpayi gaz la pandan nan kay yon vwazen. Si ou fèmen rezèv gaz la nan vàn prensipal la, w ap bezwen yon pwofesyonèl pou louvri ankò. Pa fimen oswa pa itilize lwil, lantèn gaz, bouji oswa lanp pòch pou limen andedan yon kay ki domaje jouk lè ou sèten pa gen fuit gaz oswa lòt sibstans ki ka fè flanm dife andedan kay la.
  • Etensèl, fil kouran ki kase oswa ki dekale. Tcheke sistèm elektrik la sof si ou mouye, si ou kanpe nan dlo oswa si ou pa sèten pou sekirite ou. Si li posib, fèmen elektrisite a nan bwat fizib prensipal la oswa nan disjonktè a. Si ou pa santi ou an sekirite, sòti nan bilding nan epi mande èd. Pa limen limyè jouk lè ou sèten pa gen pwoblèm pou itilize yo. Ou ka vle fè yon elektrisyen enspekte enstalasyon elektrik ou.
  • Tèt kay, fondasyon kay ak fant nan chemine. Si li sanble bilding nan ka tonbe, sòti imedyatman.
  • Aparèy menaje. Si aparèy menaje yo mouye, fèmen elektrisite a nan bwat fizib prensipal la oswa nan disjonktè a. Answit, deploge aparèy menaje yo epi kite yo seche. Fè yon pwofesyonèl tcheke aparèy menaje yo anvan ou itilize yo ankò. Epitou, fè yon elektrisyen tcheke sistèm elektrik la anvan ou limen kouran an ankò.
  • Sistèm dlo ak dlo ize. Si tiyo yo domaje, fèmen vàn prensipal dlo a. Kontakte otorite lokal yo anvan ou itilize nenpòt dlo; dlo a ka kontamine. Ponpe dlo pi yo epi fè otorite yo teste dlo a anvan ou bwè li. Pa floche twalèt yo jouk lè ou konnen liy dlo ize yo pa gen pwoblèm.
  • Manje ak lòt rezèv yo. Jete tout manje ak lòt rezèv ou sispèk ki te ka kontamine oswa ki te pran kontak avèk dlo inondasyon yo.
  • Sousòl ou. Si sousòl ou inonde, ponpe dlo a deyò nèt (apeprè yon tyè dlo pa jou) pou evite domaj. Miray yo ka tonbe epi planche a ka domaje si ou ponpe dlo sousòl la deyò pandan sòl ki toupre a toujou anba dlo.
  • Louvri plaka yo. Pran anpil prekosyon pou objè ki ka tonbe.
  • Netwaye sibstans chimik ki tonbe nan kay la. Dezenfekte atik ki te ka kontamine avèk dlo ize, batri ak sibstans chimik. Epitou netwaye atik ki ka sove yo.
  • Rele ajan asirans ou. Fè foto domaj yo. Konsève bon dosye lajan ou depanse pou reparasyon ak netwayaj

 Pran Anpil Prekosyon avèk Bèt Sovaj ak Lòt Bèt

Twa (3) ekirèy.Pran anpil prekosyon avèk bèt sovaj lè ou retounen lakay ou apre yon katastwòf.

Sitiyasyon katastwòf ak sitiyasyon ki menase lavi moun ap agrave konpòtman enprediktib bèt sovaj. Pou pwoteje tèt ou ak fanmi ou, aprann kijan pou degaje ou avèk bèt sovaj.

Gid yo

  • Pa kwense bèt sovaj yo oswa pa eseye sove yo. Bèt sovaj yo ap ka santi yo menase epi yo ka mete tèt yo an danje lè yo lage kò yo nan dlo inondasyon yo, nan dife, elatriye. Rele biwo kontwòl bèt oswa biwo resous natirèl zòn ou.
  • Bèt sovaj yo souvan ap chèche sòl ki pi wo ki pètèt anba dlo pandan inondasyon yo (sètadi, zile), epi bèt yo vin bloke. Si zile gwo ase, epi si li bay abri apwopriye, ou kapab kite manje apwopriye pou espès la (sètadi, grenn tounsòl pou ekirèy). Bèt yo gen yon reyaksyon pou kouri, epi y ap sove pou nenpòt moun k ap pwoche twò pre yo. Si bèt la menase pou kouri ale nan dlo a, fè bak nan zile a, oswa ou ka fè bèt la prese lage kò li nan dlo a pou sove poutèt ou.
  • Pa pwoche sou bèt sovaj ki pran abri andedan lakay ou. Bèt sovaj tankou koulèv, oposòm ak jèn rat souvan chèche abri pou dlo inondasyon nan etaj anlè kay, epi yo ka rete kote yo pran abri a apre dlo a fin desann. Si ou jwenn bèt ki nan sitiyasyon sa a, louvri yon fenèt oswa bay yon lòt wout pou deplase, epi bèt la ap ka ale poukont li. Pa eseye ni kenbe ni manyen bèt la. Si bèt la ta rete, rele biwo kontwòl bèt oswa biwo resous natirèl zòn ou.
  • Pran prekosyon ou avèk kantite koulèv ak lòt predatè yo. Bèt sa yo ap eseye manje zosman reptil, anfibi ak ti mamifè ki neye oswa ki kraze nan twou yo oswa anba wòch yo.
  • Pa eseye deplase yon bèt ki mouri. Zosman bèt yo kapab prezante risk grav pou sante ou. Ka gen epidemi antraks, ansefalit ak lòt maladi. Kontakte biwo ijans zòn ouoswa depatman sante zòn ou pou jwenn èd ak enstwiksyon.
  • Si yon bèt mòde ou, chèche jwenn swen medikal imedyatman.

Last updated: 12/10/2013 - 04:07 PM