Skip Secondary Nav

Left-side Navigation.

Move Tan

A weeping willow and swampy region in a blustery storm.

Ankouraje lòt yo aji lè ou trase yon egzanp pou tèt ou, Angajman pou Prepare epi fè lòt yo konnen sa!

Angajman pou Prepare

Chak ane, anpil milye moun afekte nan tandans move tan tankou tònad ak loraj grav. Ane pase, se te ane ki te pi aktif nan katastwòf nan dènye istwa a, avèk plis pase 1,000 ka lanmò ki te asosye avèk tan an, plis pase 8,000 moun ki te pran chòk.

Chak eta nan Etazini gen tònad ak move tan, epi menmsi kèk eta te gen pi plis pase lòt eta yo- tout moun nan risk, epi yo ta dwe fè etap pou prepare pou move tan k ap frape nan zòn yo. Si ou konnen danje komen tan ki nan zòn ou, fason ou frajil ak ki mezi ou ta dwe pran sa kapab sove lavi ou ak lavi lòt moun.

Tònad
Loraj ak Kout-Zèklè
Inondasyon
Ouragan

 

Bagay ki anba la yo se bagay ou kapab fè pou pwoteje tèt ou, fanmi ou ak byen ou anvan yon move tan:

  • Prepare yon Twous Rezèv pou Ijans, ki genyen ladan atik tankou manje ki p ap gate, dlo, ak yon radyo ki fonksyone avèk pil oswa avèk manivèl, flach ak pil siplemantè. Ou ka vle prepare yon twous pòtatif pou mete li nan vwati ou sizoka yo mande ou pou deplase. Twous sa a ta dwe gen ladan tou yon pè linèt pwoteksyon ak mask respirasyon pou jete apre itilizasyon pou chak manm fanmi an.
  • Fè yon Plan Fanmi pou Ijans. ou. Fanmi ou ka pa ansanm lè gen yon katastwòf, poutèt sa li enpòtan pou konnen kijan youn ap kontakte lòt, kijan n ap tounen ansanm ak sa w ap fè sizoka gen yon ijans.
  • Kontinye siveye medya yo – Pran prekosyon ou avèk tanpèt ki kapab afekte zòn ou.
  • Konnen kijan y ap avèti ou nan yon ijans (Radyo Metewolojik NOAA yo avèk yon avètisman an tonalite se yon bon chwa).
  • Konnen si w ap viv oswa travay nan yon zòn ki ekspoze nan siklòn. Kontakte jesyon ijans lokal ou pou jwenn detay yo.
  • Konnen kote pou pran abri (sètadi: sousòl, chanm/koulwa andedan, twalèt, plaka, elatriye) si kondisyon yo pèmèt sa ak kote abri yo ye nan zòn ou.
  • Asire kay ou pare – Mete atik yo anlè nan sousòl ki ta ka inonde. Mete andedan kay ou atik tankou jwèt timoun, mèb jaden, poubèl, elatriye, ki ta ka ale nan nenpòt sans epitou ki ta ka domaje. Retire pyebwa ak branch ki sèch oswa pouri ki ta ka tonbe ak lakòz chòk oswa domaj.
  • Konnen fason pou fèmen sèvis piblik yo, tankou kouran elektrik, dlo ak gaz, lakay ou. Ou dwe gen bon kalite zouti (sètadi: kle espesyal) ki pare ak toupre.
  • Chèche konnen ki kalite evènman ak ki kalite domaj ki garanti nan kontra asirans ou. Mete kontra asirans yo, dokiman enpòtan ak lòt bagay ki enpòtan nan yon kòfrefò ak yon kote ki fèmen.
  • Kite ekstenktè yo anplas, epi asire tout moun konnen kijan pou itilize yo.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou sa pou fè anvan move tan, ale nan lòt paj wèb nou yo:

Konnen tèm yo itilize pou dekri move tan

Siveyans pou Tònad - Li posib pou gen tònad. Rete vijilan pou tanpèt k ap pwoche yo. Siveye syèl la epi toujou kapte estasyon Radyo Metewolojik NOAA, radyo oswa televizyon komèsyal pou jwenn enfòmasyon.

Avètisman pou Tònad - Rada metewolojik siyale oswa endike yon tònad. Ale nan abri imedyatman.

Siveyans pou Loraj Grav - Fè ou konnen kilè ak ki kote ka gen loraj ki grav. Siveye syèl la epi toujou kapte estasyon Radyo Metewolojik NOAA, radyo oswa televizyon komèsyal pou jwenn enfòmasyon.

Avètisman pou Loraj Grav - Yon avètisman yo bay lè obsèvatè rapòte move tan oswa lè yon rada endike sa. Avètisman yo endike danje ki pral rive pou lavi moun ak pwopriyete pou moun ki nan trajektwa tanpèt la.

Siveyans pou Inondasyon - Li posib pou gen inondasyon. Kapte estasyon Radyo Metewolojik NOAA, radyo oswa televizyon komèsyal pou jwenn enfòmasyon.

Siveyans pou Inondasyon Sanzatann - Li posib pou gen inondasyon sanzatann. Prepare ou pou ale kote ki pi wo; koute Radyo Metewolojik NOAA, radyo oswa televizyon komèsyal pou jwenn enfòmasyon.

Avètisman pou Inondasyon - Ap gen inondasyon oswa pral gen inondasyon nan yon ti tan; si yo mande ou pou deplase, fè sa imedyatman.

Avètisman pou Inondasyon Sanzatann - Gen yon inondasyon; chèche kote ki wo pou ale apye imedyatman.

Bagay ki anba la yo se bagay ou kapab fè pou pwoteje tèt ou, fanmi ou ak byen ou anvan yon move tan:

  • Toujou siveye syèl la. Chèche kote ki nwa nan syèl la, limyè zèklè oswa van k ap vin pi fò. Koute son loraj la. Si ou kapab tande loraj la, ou pre ase pou pran yon kout-zèklè.
  • Dekri k ap vole oswa son yon tònad k ap pwoche ka fè ou vijilan. Siy danje tònad ki gen ladan syèl ki nwa, prèske koulè vèt; gwo lagrèl; yon gwo nyaj nwa k ap pase ba oswa yon gwo bwi, ki sanble avèk yon tren machandiz.
  • Konsidere lè ofisyèl yo oswa anons nan radyo/televizyon mande ou pou ale nan abri oswa pou deplase.
  • Rasanble manm fanmi ou, mete bèt kay yo andedan, epi fè twous rezèv pou ijans ou pare.
  • Fèmen pòt deyò yo ak fasad fenèt yo, aba-jou yo oswa rido yo. Rete lwen pòt yo, fenèt yo ak miray deyò yo. Rete kote ki gen abri a jouk lè danje a fin pase.
  • Pandan kout-zèklè yo, pa itilize telefòn ki gen fil, pa manyen aparèy menaje elektrik yo, oswa pa itilize dlo tiyo a. Pa gen pwoblèm pou itilize telefòn san fil oswa telefòn selilè.
  • Sonje Règ 30/30 Pwoteksyon kont Kout-Zèklè: Antre andedan si, apre ou fin wè yon kout-zèklè a, ou pa kapab konte jiska 30 anvan ou tande kout-loraj la. Rete andedan pandan 30 minit apre ou fin tande dènye kout-loraj la.
  • Si lapli t ap tonbe anpil pandan plizyè èdtan, oswa si lapli t ap tonbe san rete pandan plizyè jou, montre ou vijilan pou posiblite yon inondasyon.
  • Pa mache nan dlo k ap koule. Nwayad se kòz prensipal ka lanmò yo nan inondasyon. Sis (6) pous dlo k ap koule vit kapab frape ou nan pye.
  • Rete andedan epi vwayaje sèlman si li nesesè toutbon. Koute radyo/gade televizyon pou jwenn dènye enfòmasyon yo.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou sa pou fè anvan move tan, ale nan lòt paj wèb nou yo:

Etap pou Sekirite Vwati

Planifye vwayaj long yo avèk anpil prekosyon, koute estasyon radyo oswa televizyon pou konnen dènye previzyon metewolojik yo ak kondisyon wout la. Si yo prevwa move tan, kondi sèlman si li nesesè toutbon.

  • Kitwe tank gaz ou plen sizoka li nesesè pou deplase. Fè antretyen nan machin ou, epi kite li nan bon kondisyon pou travay.
  • Rasanble yon Twous Vwati pou Ijans ki gen ladan: flach avèk pil siplemantè, twous atik premye swen, medikaman nesesè, kouto pòch, kab demaraj, dra/sak pou dòmi, rad anplis (tankou padsi, gan ak chosèt), manje ki p ap gate, kle ki pa elektrik pou louvri bwat, twous zouti debaz (pens, kle espesyal, tounvis), kòd traksyon, bokit dlo ak yon rad gwo koulè pou sèvi kòm yon drapo.
  • Pa kondi nan yon zòn ki inonde yo. Sis (6) pous dlo kapab lakòz yon machin pèdi kontwòl ak pètèt bloke. Yon pye dlo sifi pou flote anpil machin. Sèlman 2 pye dlo k ap bouje kapab pote ale vwati, SUV, ak kamyon pikòp yo. Pa kondi nan baryè wout - yo la pou yon rezon.
  • Pran prekosyon ou avèk zòn kote dlo inondasyon yo desann. Wout yo ka vin febli, epi yo kapab kraze anba pwa yon vwati.
  • Rete lwen wout yo pou pèmèt ekip ijans yo netwaye wout yo, epi pou yo bay èd pou ijans lan.
  • Ede moun ki pran chòk yo oswa moun ki bloke yo. Pa eseye deplase moun ki pran chòk grav yo sof si yo nan danje imedyatman pou mouri oswa pou pran lòt chòk.
  • Itilize yon telefòn ki gen fil sèlman pou ijans yo.
  • Pran prekosyon ou kote ki gen liy kouran nan dlo. Toujou sipoze yon fil ki nan dlo se yon fil ki gen kouran ladan. Rapòte sa ba otorite ijans yo.
  • Siveye danje anlè tèt ou tankou branch pyebwa, fil kouran ki kase, ak lòt debri. Pran prekosyon ou lè w ap mache.
  • Siveye timoun k ap jwe deyò ak nan lari a, sitou sa k ap monte sou pyebwa ak pil ki tonbe oswa k ap kouri akote yo. Paran yo ta dwe fè pitit yo sonje pou yo rete lwen danje sa yo.
  • Pa mache nan dlo inondasyon yo. Dlo a ka kontamine avèk lwil, gazolin, oswa dlo egou sovaj, ki gen liy kouran oswa bèt nan dlo a.
  • Chèche danje tankou liy gaz ki kase/ki gen fuit, sistèm egou ki domaje, sikui elektrik ki inonde, aparèy menaje ki anba dlo ak domaj nan fondasyon kay la. Kite zòn nan si ou pran sant gaz oswa vapè chimik.
  • Netwaye tout bagay ki mouye. Pou manje, medikaman ak pwodui kosmetik; lè ou pa sèten, jete yo.
  • Asire dèlko sipò yo ayere byen. Pa janm itilize griy, dèlko oswa fou kan andedan kay la.
  • Koute rapò medya ak/oswa otorite lokal yo sou si rezèv dlo kominote ou bon pou bwè ak lòt enstriksyon.
  • Asire goutyè yo ak kanalizasyon netwaye pou evènman lapli/inondasyon pidevan.
  • Fè foto/videyo domaj yo san pèdi tan. Kontakte konpayi asirans ou pou fè yon reklamasyon.

Zanmi, vwazen ak kamarad ou yo gen plis chans pou prepare pou plizyè kalite danje tan ki afekte nasyon an souvan lè yo wè moun ki nan zòn yo ap prepare, kidonk ankouraje yo pou yo aji lè ou trase yon egzanp pou tèt ou. Premye eta ou kapab fè se Fè Pwomès pou Prepare., Resous w ap resevwa yo lè ou fè sa ap ba ou zouti pou fè fanmi ak kominote ou pi pwoteje, pi detèmine, epi pi byen prepare.

Twous zouti a gen ladan yon kominike pou laprès, atik blòg, ak modèl ki pibliye ak zouti medya sosyal pou itilize nan sitwèb ou oswa nan paj medya sosyal ou. Zouti sa yo la pou itilize nan yon apwòch endividyèl pou preparasyon pou bati yon nasyon ki Pare pou Move Tan.

Lè w ap fè pwomès pou prepare, tanpri anvizaje itilize twous zouti a kòm yon egzanp, epitou envite manm, anplwaye, elektè, kliyan, zanmi, fanmi, ak kominote a pou yo Se yon Fòs Lanati tou.


Videyo Alèt sou Tan pou Kominote a
FEMA fè tout moun sonje pou yo vin abitye avèk sistèm avètisman alèt piblik kominote a.

Chèche jwenn kòd Entegrasyon ak Transkripsyon Videyo a



Semèn Nasyonal Preparasyon pou Move Tan an 2012
NOAA ak FEMA mande pou ou Se Yon Fòs Lanati. Konnen risk ou, prepare yon plan ak yon twous pou ijans, aji san pèdi tan lè yo avèti ou, epi simaye pawòl la ba vwazen yo.

Chèche jwenn kòd Entegrasyon ak Transkripsyon Videyo a

Pou jwenn plis enfòmasyon sou sa pou fè anvan, pandan ak apre danje espesifik, ale sou Entènèt nan lòt paj yo:

Last updated: 04/29/2013 - 11:24 AM