Vòlkan

Obsèvasyon lav cho wouj k ap sòti nan yon vòlkan

Ankouraje lòt yo aji lè ou trase yon egzanp pou tèt ou, Angajman pou Prepare epi fè lòt yo konnen sa!

Angajman pou Prepare

Yon vòlkan se yon montay ki louvri anba nan yon rezèvwa wòch k ap fonn anba sifas tè a. Kontrèman avèk pifò montay yo, ki pouse depi nan baz la, vòlkan yo se chemine kote wòch k ap fonn ap monte nan sifas tè a. Lè presyon nan gaz ki nan wòch k ap fon yo vin twò gwo, yon eripsyon fèt. Eripsyon yo kapab kalm oswa eksplozif. Yo ka se ekoulman lav, peyizaj ki plat, gaz pwazon, ak wòch k ap vole ak sann ki kapab pafwa vwayaje sou yon distans plizyè santèn mil nan direksyon van an.

Akòz gwo chalè yo, ekoulman lav la se danje pou gwo dife. Ekoulman lav la detwi tout bagay ki nan trajektwa yo, men pifò deplase dousman ase pou moun kapab deplase ale.

Sann fre vòlkan an, ki fèt avèk wòch ki kraze, kapab abrazif, asid, plen sab, plen gaz, ak epi yo gen odè. Menmsi gaz asid la ak sann nan pa imedyatman danjere pou pifò adilt yo, yo kapab lakòz domaj nan poumon sou tibebe piti yo, sou granmoun aje yo, ak sou moun ki soufri maladi respiratwa grav. Sann vòlkan kapab domaje machinri, tankou motè ak ekipman elektrik. Pil sann ki melanje avèk dlo vin lou, epi li kapab lage do kay atè. Sann vòlkan kapab afekte moun sou yon distans anpil santèn mil apati kòn vòlkan.

Eksplozyon vòlkan yo ki pran direksyon antravè, ki rele "eksplozyon lateral" kapab lanse gwo mòso wòch avèk trè gwo vitès pou yon distans plizyè mil. Eksplozyon sa yo kapab touye moun avèk enpak yo, lè y ap antre nan tè, oswa avèk chalè yo. Yo rekonèt yo poutèt yo detwi forè yo nèt.

Eripsyon vòlkan yo kapab vini avèk lòt danje natirèl, tankou tranblemanntè, inondasyon sanzatann, anpil wòch tonbe ak glisman teren, lapli asid, dife, ak (nan kondisyon espesyal) radmare.

Yo jwenn vòlkan ki aktif Ozetazini yo sitou nan Hawaii, Alaska ak Nòdwès Pasifik la. Zòn danje toutotou yon vòlkan kouvri apeprè yon reyon 20 mil, men ka gen danje sou yon distans 100 mil oswa plis nan yon vòlkan.

 

Yon kratè vòlkan k ap boule.Anvan yon Eripsyon Vòlkan

Bagay ki anba la yo se bagay ou kapab fè pou pwoteje tèt ou, fanmi ou ak byen ou anvan yon eripsyon vòlkan.

  • Prepare yon Twous Rezèv pou Ijans, ki genyen ladan atik tankou manje ki p ap gate, dlo, ak yon radyo ki fonksyone avèk pil oswa avèk manivèl, flach ak pil siplemantè. Ou ka vle prepare yon twous pòtatif pou mete li nan vwati ou sizoka yo mande ou pou deplase. Twous sa a ta dwe gen ladan tou yon pè linèt pwoteksyon ak mask respirasyon pou jete apre itilizasyon pou chak manm fanmi an.
  • Fè yon Plan Fanmi pou Ijans ou. Fanmi ou ka pa ansanm lè gen yon katastwòf, poutèt sa li enpòtan pou konnen kijan youn ap kontakte lòt, kijan n ap tounen ansanm ak sa w ap fè sizoka gen yon ijans

Pandan yon Eripsyon Vòlkan

  • Swiv lòd pou deplasman otorite yo bay, epi deplase imedyatman nan zòn vòlkan an pou evite debri k ap vole, gaz cho, eksplozyon lateral ak ekoulman lav.
  • Pran prekosyon ou avèk ekoulman labou. Danje ki nan yon ekoulman labou ap ogmante toupre kanal kouran dlo epi avèk gwo lapli k ap tonbe san rete. Ekoulman labou a kapab deplase pi vit pase ou kapab mache oswa kouri. Gade pa anwo anvan ou travèse yon pon, epi pa travèse pon an si yon ekoulman labou ap rive.
  • Evite vale rivyè ak zòn ki gen altitid ba.
  • Sonje pou ede vwazen ou yo ki ka bezwen asistans espesyal - tibebe, granmoun aje ak moun ki gen bezwen pou aksè oswa bezwen fonksyonèl.
Pwoteksyon kont Sann k ap Tonbe
  • Si ou pa kapab deplase, epi pou kapab pwoteje tèt ou pou pa tonbe nan sann, ou ta dwe rete andedan lakay ou avèk pòt, fenèt ak ayerasyon yo fèmen jouk lè sann lan fè pil.
  • Si ou gen yon maladi respiratwa, pa pran kontak avèk okenn kantite sann. Rete andedan lakay ou jouk lè ofisyèl sante yo fè konnen pa gen pwoblèm pou sòti deyò.
  • Koute yon radyo oswa televizyon ki fonksyone avèk pil pou jwenn dènye enfòmasyon sou ijans lan.
  • Mete chemiz manch long oswa pantalon long.
  • Itilize linèt pwoteksyon epi mete linèt alaplas vè-kontak.
  • Itilize yon mask anti-pousyè, oswa kenbe yon rad mouye sou figi ou pou ede ou avèk respirasyon.
  • Rete lwen zòn ki nan direksyon van an nan vòlkan an pou evite sann vòlkan an.
  • Rete andedan lakay ou jouk lè sann fè pil, sof is gen yon danje pou do kay ou tonbe.
  • Fèmen pòt yo, fenèt yo, ak tou ayerasyon ki nan kay la (bouch chemine, founo, è-kondisyone, vantilatè ak lòt ayerasyon yo.
  • Netwaye sann lou ki nan do kay plat oswa ki an pant yo ak goutyè yo.
  • Pa woule motè vwati oswa motè kamyon. Si ou kondi sa kapab fè sann vòlkan an vole ki kapab bouche motè a, domaje pyès k ap bouje yo, epi bloke machin yo.
  • Pa kondi nan gwo kantite san sof si li nesesè toutbon. Si ou oblije kondi, kite vitès la anba 35 MPH oswa pi ba.

Apre yon Eripsyon Vòlkan

  • Ale nan yon abri piblik yo bay si yo te di ou pou deplase, oswa si ou santi ou pa gen sekirite pou rete lakay ou. Voye tèks SHELTER + Kòd postal ou nan 43362 (4FEMA) pou jwenn abri ki pi pre nan zòn ou (egzanp: shelter 12345).
  • Otorite lokal yo kapab pa anmezi pou bay enfòmasyon sou sa k ap pase a ak sa ou ta dwe fè. Men, ou ta dwe koute Radyo Metewolojik NOAA, gade televizyon, koute radyo oswa tcheke Entènèt souvan pou jwenn nouvèl ak enstriksyon ofisyèl yo lè yo vin disponib.

ETID JEWOLOJIK NAN ETAZINI

  • Pwogram konsènan Danje Vòlkan. Sitwèb ki bay dènye enfòmasyon sou aktivite vòlkan, prezante istwa, enfòmasyon sou danje vòlkan ak sou resous. Disponib sou Entènèt nan sitwèb: http://volcanoes.usgs.gov

SITWÈB KI ASOSYE

Ale sou Entènèt nan sitwèb ki anba la yo pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou planifye ak prepare pou yon vòlkan ak sou fason pou konnen resous ki disponib yo:

KOUTE OFISYÈL LOKAL YO

Aprann kichòy sou plan pou ijans yo gouvènman eta ak gouvènman lokal kreye nan zòn ou. Nan nenpòt ijans, toujou koute enstriksyon ofisyèl jesyon ijans lokal yo bay.

Last updated: 03/25/2013 - 11:02 AM