Lè w ap prepare pou yon sitiyasyon ijans posib, li pi bon pou panse dabò sou eleman debaz ki pou ede ou siviv: dlo fre, manje, lè pwòp ak chalè.
Rekòmande Atik pou Ajoute nan yon Twous Pwovizyon Debaz pou Ijans:
-
Dlo, yon galon dlo pou chak moun pa jou pandan omwen twa jou, pou bwè ak pou esterilizasyon
-
Manje, omwen yon pwovizyon manje ki p ap gate pou twa (3) jou.
-
Radyo ki fonksyone ak pil oswa radyo ki fonksyone avèk manivèl ak yon Radyo Metewolojik NOAA ki genyen avètisman an tonalite ak pi siplemantè pou toulède
-
Flach ak pil siplemantè
-
Twous premye swen
-
Siflè pou siyale pou mande èd
-
Mask anti-pousyè, pou ede filtre lè kontamine ak bach an plastik ak adeziv an twal pou pran refij anplas
-
Lenjèt imid pou rense dwèt, sache fatra ak atach plastik pou ijyèn pèsonèl
-
Kle ajistab oswa pens pou fèmen sèvis piblik
-
Kle pou louvri bwat pou manje (si twous la genyen manje konsèv)
-
Kat jeyografik lokal
-
Telefòn selilè avèk chajè
Lòt Atik pou Anvizaje Mete nan yon Twous Pwovizyon pou Ijans:
-
Medikaman sou preskripsyon ak linèt
-
Lèt an poud ak kouch pou tibebe
-
Manje bèt kay ak dlo siplemantè pou bèt kay ou
-
Dokiman enpòtan fanmi ou tankou kopi kontra asirans, dokiman idantifikasyon ak dosye kont labank nan yon resipyan ki enpèmeyab ak pòtatif
-
Lajan kach oswa chèk vwayaj ak lajan monnen
-
Dokiman referans pou ijans tankou yon liv premye sekou oswa enfòmasyon nan sit wèb www.ready.gov
-
Sak kouchaj oswa kouvreli tyèd pou chak moun. Anvizaje pote atik kouchaj anplis si w ap viv nan yon klima ki fè frèt.
-
Fè chanjman rad tankou yon chemiz manch long, pantalon long, ak soulye solid. Anvizaje pote rad anplis si w ap viv nan yon klima ki fè frèt.
-
Ajan klò pou kay ak gout medikaman – Lè klowòks fonn nan nèf pati dlo pou yon pati klowòks, li kapab itilize kòm yon dezenfektan. Oswa nan yon ijans, ou kapab itilize li pou trete dlo a avèk 16 gout klowòks likid pou kay pou chak galon dlo. Pa itilize klowòks ki gen odè, klowòks non-dekoloran oswa klowòks ki genyen ajan netwayaj ladan.
-
Ekstenktè
-
Alimèt nan resipyan ki enpèmeyab
-
Atik fanm ak atik pou ijyèn pèsonèl
-
Pòpòt, goblè an katon, asyèt ak istansil plastik, sèvyèt papye
-
Papye ak kreyon
-
Liv, jwèt, liv mo-kwaze oswa lòt aktivite pou timoun yo