U.S. flag

An official website of the United States government

Dot gov

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Https

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Five different hazardous materials signs showing different numbers and warnings

Ensidan ki gen rapò avèk Pwodui Chimik ak Materyèl Danjere yo

Prepare Anvan

Siviv Pandan

Rete Ansekirite Apre

Materyèl danjere ka gen ladan eksplozif, sibstans enflamab ki ka pran dife, pwazon ak materyèl radyo-aktif. Ajan chimik yo se vapè pwazon, ayewosòl, likid ak solid ki gen efè toksik sou moun, bèt oswa plant. Ijans ka rive pandan pwodiksyon, depo, transpò, itilizasyon oswa eliminasyon materyèl danjere yo. Ou gen risk lè yo itilize pwodui chimik yo san danje oswa lage yo an kantite danjere kote w ap viv, travay oswa jwe.  

Siy yon rejè chimik ka gen ladan difikilte pou respire, iritasyon zye, pèdi kowòdinasyon, kèplen oswa boule nan nen, gòj ak poumon yo. Prezans anpil ensèk oswa zwazo mouri ka endike yon rejè ajan chimik.

Anvan yon Ensidan

Anpil kominote gen Komite Planifikasyon Ijans Lokal [Local Emergency Planning Committees (LEPCs)] responsab pou kolekte enfòmasyon sou materyèl chimik ak danjere nan kominote a ak planifikasyon pou aksidan yo.  Materyèl sa yo disponib pou piblik la sou demann. Kontakte biwo jesyon ijans lokal ou  pou w jwenn plis enfòmasyon sou LEPC yo.

Image
an emergency supply kit including scissors, duct tape, plastic sheeting and a flashlight.
  • Prepare yon Twous Pwovizyon pou Ijans epi enkli yon riban adeziv, sizo ak plastik pou kouvri pòt yo, fenèt ak vantilasyon.
  • Fè yon Plan Dijans Fanmi.
  • Kijan pou fonksyone sistèm vantilasyon kay ou.
  • Idantifye yon chanm abri nan sousòl la ki gen mwens ouvèti ke posib.
  • Li plis sou abrite anplas.

Pandan yon Ensidan

Koute estasyon radyo oswa televizyon lokal yo pou jwenn enfòmasyon detaye epi swiv enstriksyon yo ak anpil atansyon. Sonje ke kèk pwodwi chimik toksik yo san odè. Enstriksyon yo ka diferan selon menas ak risk pou yo ekspoze. Pafwa, li ka pi an sekirite pou abrite andedan kay ou, lòt fwa li ka pi an sekirite pou evakye.

Image
illustration of an evacuation map after a hazardous materials incident

Si yo di w pou evakye:

  • Si yo mande w pou evakye, fè sa imedyatman. Pou w jwenn yon abri piblik, tèks SHELTER + your ZIP code nan 43362 pou jwenn abri ki pi pre nan zòn ou an (egzanp: shelter 12345).
  • Rapidman eseye konnen ki zòn ki afekte oswa ki kote pwodui chimik la soti, si sa posib, epi ale imedyatman.
  • Si pwodui chimik la andedan bilding ou an, soti nan bilding lan san yo pa pase nan zòn ki kontamine a, si sa posib.

Si w pa ka soti nan bilding lan oswa jwenn lè pwòp san w pa pase nan zòn ki afekte a, ale pi lwen ke posib epi abrite sou plas.

Si yo di w pou rete andedan:

  • Pote bèt domestik yo andedan.
  • Chèche abri nan yon chanm andedan. Fèmen epi klete tout pòt deyò ak fenèt yo. Fèmen vantilasyon, klape chemine ak anpil pòt andedan ke posib. Sele sal la ak tep ak fèy plastik.
  • Etènn èkondisyone ak sistèm vantilasyon, oswa mete sistèm vantilasyon an nan 100 pousan re-sikilasyon kidonk okenn lè deyò pa p antre nan bilding lan.
  • Bouhe twou vid ki anba y oak ozalantou zòn say o ak sèvyèt mouye, dra plastic, tep, papye sire oswa papye aliminyòm:
    • Pòt ak fenèt yo
    • Inite èkondisyone
    • Ventilatè tiyo echapman pou twalèt ak kwizin
    • Recho ak sechwa vantilasyon ak tep pou kondwit ak fèy plastik
  • Respire tou piti nan yon twal oswa yon sèvyèt is gaz oswa vapè te antre nan bilding lan.
  • Evite manje oswa bwè nenpòt manje oswa dlo kit e kapab kontamine.

Si w deyò lè yon ensidan rive:

  • Rapidman deside ki fason ki pi rapid pou jwenn lè pwòp. Deplase touswit, nan yon direksyon ki nan sous van an.
  • Si w nan yon veyikil, kite fenèt ak bouch ayerasyon yo fèmen epi etènn èkondisyone ak chofal la.  
  • Jwenn bilding ki pi pre a nan abri-anplas la.

Apre yon Ensidan

Pa kite sekirite yon abri pou ale deyò, enkli pou ede lòt moun, jiskaske otorite yo di li an sekirite pou fè sa. Si w te evakye, retounen lakay ou sèlman lè otorite yo di li an sekirite.

Si w afekte pa yon ajan chimik epi èd medikal pa disponib touswit, pi bon aksyon an se dekontamine tèt ou epi ede lòt moun fè sa, si sa posib. Kijan pou dekontamine:

Ki jan yo dekontamine:

Image
Illustration of two hands being washed with soap under a faucet.
  • Retire tout rad ak lòt atik yo ki an kontak avèk kò w.
    • Koupe rad ou nòmalman retire nan tèt ou pou evite kontak avèk zye, nen ak bouch.
    • Mete rad kontamine ak atik yo nan yon sachè plastic epi mare sachè a.
    • Retire linèt oswa vè kontak yo.  Mete linèt yo nan yon bòl dlo ki gen klowòks pou dekontamine yo epi rense ak seche yo.
  • Lave men w avèk savon ak dlo.  Si wap ede yon moun ki dekontamine, touswit lave men w ansanm avèk lòt pati nan po a ki te ekspoze apresa.
  • Rense zye w avèk dlo.
  • Lave figi ak cheve w Dousman avèk savon ak dlo anvan ou byen rense l avèk dlo.

Le pli vit ke li an sekirite pou fè sa, ale nan yon etablisman medikal pou tès depistaj ak tretman pwofesyonèl.

Last Updated: 04/25/2023

Return to top