U.S. flag

An official website of the United States government

Dot gov

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Https

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

smart phones showing fema app

Aplikasyon FEMA: Pran Dezas yo Anchaj

Aplikasyon FEMA a se resous pèsonalize w pou dezas, kidonk ou santi w gen pouvwa epi w pare pou w pran anchaj nenpòt dezas lavi ki rive nan lavi.

Telechaje li jodi a sou iOS oswa Android

Image
a hand holding a smart phone open to the FEMA App
feature_mini img

PLANIFYE.

Aprann kijan pou prepare pou danje komen yo byen vit epi fasil. Aplikasyon FEMA a ka ede w aprann estrateji preparasyon debaz tankou fason pou kreye yon plan kominikasyon ijans fanmi, kisa pou w mete nan twous ijans ou a, ak sa pou w fè imedyatman apre yon katastwòf.

feature_mini img

PWOTEJE.

Lè w konnen ki lè ak kijan pou w pwoteje tèt ou, moun pwòch ou yo ak byen w yo pandan yon katastwòf, sa kapab fè yon pakèt diferans. Avèk Aplikasyon FEMA a, ou ka resevwa alèt meteyo nan tan reyèl ak alèt  ijans nan men Sèvis Meteyo Nasyonal pou jiska senk kote nan tout peyi a. Li ka ede w tou jwenn yon abri ki tou pre si w bezwen evakye pou ale nan yon espas ki an sekirite.

feature_mini img

REKIPERE.

Aplikasyon FEMA a ba ou zouti ou bezwen yo pou rekipere w apre yon katastwòf. Chèche konnen si lokal ou a kalifye pou asistans FEMA, chèche jwenn kote Sant Rekiperasyon pou Katastwòf, epi jwenn repons pou kesyon ki pi ijan ou yo. Konekte imedyatman ak resous FEMA pou katastwòf pou w jwenn èd ou bezwen lè w plis bezwen li.

Aprann plis nan sitwèb Aplikasyon FEMA a.

Last Updated: 02/10/2023

Return to top