U.S. flag

An official website of the United States government

Dot gov

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Https

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

A woman's hands plugging in a phone charger

Mete w Pare pou Teknoloji

knoloji te rann li fasil pase toutan pou prepare pou ijans, li ka pa fyab nan yon ijans si ou pa t pwoteje ak alimante gadjèt ou. Men kèk konsèy pou asire ou pare pou teknoloji a:

Ou dwe Enfòme

  • Telechaje aplikasyon FEMA . Jwenn nouvèl sou meteyo ki soti nan Sèvis Nasyonal Meteyolojik pou jiska senk lokasyon diferan nan Etazini.
  • Enskri pou mesaj tèks FEMA pou jwenn dènye enfòmasyon ki soti nan FEMA (tarif estanda mesaj ak done aplike).

Men kòmann debaz yo pou w kòmanse:

  • Pou w enskri pou ka jwenn konsèy sou preparasyon: text PREPARE nan 43362.
  • Pou w chèche abri ki ouvè yo (pou sivivan katastwòf yo): text SHELTER ak yon Kòd Postal nan 43362.
  • Pou jwenn yon lis tout mo kle yo ou ka abòne nan: tèks LIST nan 43362.
  • Pou dezabone (nan nenpòt kilè): tèks STOP nan 43362.
  • Anvan yon katastwòf, swiv gouvènman lokal yo sou rezo sosyal yo pou w rete okouran de enfòmasyon ofisyèl yo anvan, pandan ak apre yon katastwòf. Enskri pou alèt Twitter ki soti nan ajans gouvènman ou fè konfyans yo pou w jwenn notifikasyon lè enfòmasyon enpòtan yo soti.

Fè yon Plan

  • Itilize mesaj tèks, medya sosyal ak imèl pou konekte ak zanmi ak fanmi pandan ijans yo.
    • Rezo mobil yo ka vin akable pandan ijans, sa ki fè li difisil pou fè ak resevwa apèl nan telefòn. Mesaj tèks mande pou mwens bann-frekans, ki vle di yo kapab transmèt nan fason ki pi fyab pandan sitiyasyon kote anpil moun ap eseye sèvi ak telefòn mobil yo anmenmtan.
  • Chanèm medya sosyal tankou Facebook ak Twitter kapab yon fason ki efikas tou pou enfòme fanmi ak zanmi yo pandan ijans. Fonksyon Kontwòl Sekirite Facebook  pèmèt itilizatè yo pou afiche fasilman yon mizajou ki endike ke yo ansekirite pandan yon tan katastwòf.
  • Enskri avèk sit Kwawouj Ameriken Safe & Well pou kite fanmi ak zanmi yo konnen ou byen. Fanmi ak zanmi ki konsène yok a chèche lis sa a pou yo jwenn non paran pwòch yo, yon dat “apati” yon mesaj ki soti bò kote w.
  • Gen yon opsyon chaj ijans pou telefòn ou ak lòt aparèy mobil.
    Gen yon opsyon chaj annijans pou telefòn ou ak lòt aparèy mobil. Smartphones yo vin tounen yon zouti enpòtan anpil pou jwenn alèt ak avètisman  annijans, kidonk li enpòtan pou asire w ke ou ka kenbe chaj nan yon ijans.
    • Nan kay: Anvan move tan, asire w ke tout aparèy elektwonik ou yo chaje nèt. Si elektrisite a koupe economize batri a lè w redwi itilizasyon aparèy la. Kenbe yon sous alimantasyon rezèv sou lamen.
    • Nan veyikil ou: Kenbe yon chajè telefòn pòtab nan machin ou an toutan epi konsidere achte yon rezèv kouran elektrik pou kenbe nan machin ou tou.
    • Chanje paramèt yo sou telefòn ou an mòd fèb konsomasyon oswa mete l sou mòd avyon pou konsève enèji.
  • Estoke dokiman enpòtan yo sou yon kle USB sekirize ak pwoteje avèk yon modpas nan cloud la.
    • Gen plizyè aplikasyon pou aparèy mobil ki pèmèt ou sèvi ak kamera telefòn ou an kòm yon aparèy optik. Sa a pèmèt ou pran vèsyon elektwonik dokiman enpòtan tankou kontra asirans, dokiman idantifikasyon ak dosye medikal. Pa bliye mete enfòmasyon bèt kay ou a.
    • Sovgade òdinatè w pou pwoteje foto ak lòt dokiman elektwonik enpòtan yo.
    • Eskane ansyen foto yo pou pwoteje yo pou yo pa pèdi.
    • Kenbe kontak ou yo ajou ak senkronize atravè tout chanèl ou yo, tankou telefòn, imèl ak medya sosyal. Sa ap rann li fasil pou kontakte moun ki apwopriye a byen vit pou jwenn enfòmasyon epi bay mizajou. Konsidere kreye yon gwoup listserv nan kontak prensipal ou yo.
    • Kreye yon gwoup diskisyon atravè yon aplikasyon tèks oswa yon gwoup pou fanmi/zanmi/kolèg travay yo kominike byen vit pandan yon katastwòf.
  • Enskri pou depo dirèk ak bank elektwonik atravè enstitisyon finansye w la pou w ka jwenn aksè nan chèk ou epi fè peman elektwonik kèlkeswa kote w ye.
    Moun ki resevwabenefis federal yo ka enskri lè yo rele 800-333-1795 oswa nan GoDirect.org

Last Updated: 05/10/2023

Return to top