Prepare pou Siklòn
Rete an Sekirite Pandan
Retounen Lakay
Resous Adisyonèl
Siklòn danje epi li ka lakoz gwo dega nan ond tanpèt la, deblozay van fè, anpil lapli ak inondasyon. Yo ka rive sou nenpòt zòn kot ameriken yo oswa sou tèritwa Atlantik oswa oseyan Pasifik la. Istorikman, ond tanpèt se koz prensipal lanmò ki lye ak gwo van nan peyi Etazini.

Sezon Siklòn sou Zòn Pasifik de Lès: 15 Me-30 Novanm.

Sezon Siklòn Zòn Atlantik la: 1 Jen-30 Novanm.

Sezon Siklòn Zòn Pasifik Santral: 1 Jen-30 Novanm.
Prepare pou Siklòn
Konnen Ris Siklòn Ou
Siklòn pa sèlman yon pwoblèm nou rankontre sou kot yo. Dekouvri fason lapli, van, dlo ak menm tònad ka rive fèt byen lwen kote pa gen tè apati kote yon siklòn oswa tanpèt twopikal rive sou tè. Kòmanse prepare kounye a.
Fè yon Plan Ijans
Asire w tout moun kote w rete a konnen ak konprann preparasyon ou fè pou siklòn nan. Ki gen ladan biwo, swen pou timoun, ak tout lòt kote w frekante nan plan siklòn ou yo. Asire w biznis ou gen yon plan pou kontinye fonksyone lè katastwòf la rive.
Konnen Zòn Evakyasyon ou
Ou ka dwe kite rapidman akoz yon siklòn si w rete nan yon zòn evakyasyon. Chèche konnen wout evakyasyon w yo, pratike ak moun epi ak bèt lakay ou, idantifye ki kote ou pral rete.
- Suiv enstriksyon jesyonè lokal pou mezi an ijans yo, ki travay nan kolaborasyon ak ajan ak patnè Leta, lokal, tribal ak teritoryal yo. Yo pral bay dènye rekòmandasyon yo ki baze sou menas pou kominote w la ak mezi sekirite ki apwopriye yo.
Rekonèt Avètisman ak Alèt
Gen plizyè fason pou resevwa alèt.Telechaje aplikasyon FEMA a epi resevwa alèt nan tan reyèl Sèvis Meteyoloji Nasyonal la pou senk anplasman maksimòm pou tout nasyon an. Enskri pou resevwa alèt kominotè yo nan lokalite w la epi konsyan de Sistèm Alèt Djans (Emergency Alert System, EAS) ak Alèt DIjans Adistans (Wireless Emergency Alert, WEA), ki pa mande pou enskri.
Moun ki gen Andikap
Gade pou wè si w pa bezwen èd anplis pandan yon ijans, si ou menm oswa moun lakay ou gen yon andikap.
Revize Dokiman Enpòtan yo
Asire w papye asirans ak dokiman pèsonèl ou yo, tankou pyès idantite, ajou. Fè kopi epi kenbe yo nan yon espas dijital sekirite modpas pwoteje.
Ranfòse Kay ou
Detwaye dren ak dal yo, mete tout mèb deyò, epi sonje gwo van pote tout sa yo jwenn.
Preparasyon Teknolojik
Kite telefòn ou chaje lè w konnen yon siklòn gen pou rive epi achte aparèy pou chaje aparèy elektwonik.
Ede Moun ki nan vwazinaj ou
Voye je sou vwazen, granmoun yo, oswa moun ki ka bezwen èd anplis nan plan ou fè pou siklòn nan yon fason pou ka ede lòt yo
Rasanble Founiti
Fè ase pwovizyon pou moun lakay ou, tankou medikaman, pwodui dezenfektan ak pwovizyon pou bèt nan valiz ou vwayaj ou oswa nan kòf machin ou. Ou ka pa gen aksè ak pwovisyon sa yo pandan kèk jou oswa pandan kèk semèn aprè yon siklòn
Rete an sekirite pandan yon siklòn

Fè nouvèl
- Prete atansyon ak enfòmasyon ak alèt ijans yo
- Si w rete nan zòn ki obligatwa pou kite l epi responsab lokalite w yo mande pou kite l, fè sa menm kote a.

Jere kondisyon meteyolojik yo
- Defini pi bon fason pou pwoteje tèt ou kont gwo van ak inondasyon.
- Pran refij ou nan abri yo fè pou siklòn oswa anndan yon chanm pou gwo van yo.
- Ale nan etaj ki pi wo nan bilding nan pandan gen inondasyon. Pa monte nan grenye ki fèmen. Ou ka pyeje la pandan dlo yo ap monte.
- Pa mache, naje oswa plonje nan dlo inondasyon yo. Vire. Pa Neye! Jis sis pous dlo k ap deplase rapid ka frape w, epi yon pye dlo k ap deplase ka pote machin ou ale.
Retounen lakay aprè yon siklòn
- Prete atansyon ak enfòmasyon ak enstriksyon responsab lokal yo ap bay.
- Fè atansyon pandan w ap fè netwayaj. Mete rad pwoteksyon, itilize bagay pou kouvri vizaj oswa mas ki apwopriye si w ap netwaye labou ak debri. Moun ki fè opresyon e ki gen pwoblèm poumon ak/oswa defisi iminitè pa dwe antre nan bilding ki gen dlo k ap koule, anpil labou ki santi, menm si moun sa yo pa alèji ak labou. Timoun pa dwe fè okenn travay netwayaj aprè yon katastwòf.
- Mete rad pwoteksyon epi travay ak yon lòt moun.
- Pa manyen ekipman elektrik si li mouye oswa si w kanpe nan dlo. Si pa gen danje pou fè sa, koupe kouran nan brekè prensipal la oswa nan bwa fyouz la pou anpeche chòk elektrik.
- Pa travèse a pye dlo inondasyon yo ki ka gen patojèn ki ka koz maladi. Dlo sa ka genyen debri, pwodui chimik, dechè ak vye bèt. Fil kouran ki anba tè ak anba dlo ka bay dlo a kouran.
- Sove apèl nan telefòn pou ijans. Sistèm telefonik yo souvan tonbe oswa okipe aprè yon katastwòf. Sèvi ak mesaj tèks oswa medya sosyal pou kominike ak fanmi ak zanmi.
- Fè foto tout byen ki andomaje yo. Kontakte konpayi asirans lan pou ede w.
Resous Adisyonèl
Videyo
- Storm Surge Public Service Announcements
- FEMA Accessible: Hurricane Safety Messages
- Important Things to Know Before a Disaster
- When the Waves Swell – Hurricane Animated
Grafik
Fich enfòmasyon
Plis enfòmasyon
- National Weather Service Hurricane Preparedness Week
- CDC Hurricanes & Other Tropical Storms
- National Flood Insurance Program pwoteksyon pou pwoblèm manje pwopriyetè yo p ap ka kouvri
- Flood Map Service Center pou detèmine ris inondasyon ou
- National Storm Surge Hazard Maps pou konnen si w vilnerab
- Protective Actions Research for Hurricane