U.S. flag

An official website of the United States government

Dot gov

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Https

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

A car with a for sale sign heavily damaged by falling bricks and other debris during an earthquake

Earthquakes

Prepare Anvan

Rete Ansekirite Pandan

Rete Ansekirite Apre

Resous Adisyonèl

Yon tranblemantè se yon sekous toudenkou ak rapid tè a ki koze pa yon deplasman wòch byen fon anba sifas tè a. Tranblemantè ka koze dife, tònad, glisman tè oswa lavalas. Pandanke yo ka rive nenpòt kote san avètisman, zòn yo ki gen risk pi elve pou tranblemantè gen ladann Alaska, California, Hawaii, Oregon, Puerto Rico, Washington ak tout Mississippi River Valley.

Prepare Anvan yon Tranblemantè

feature_mini img

Pi bon tan pou prepare pou nenpòt katastwòf se anvan li rive.

  • Pratike Bese, Kouvri, ak Kenbe  avèk fanmi ak kòlèg travay.
  • Fè yon Plan Dijans: Kreye yon plan kominikasyon ijans fanmi ki gen yon kontak andeyò eta.  Planifye kote pou n rankontre si nou ta separe. Fè yon twous pwoviyzyon  ki gen ladann ase manje ak dlo pou plizyè jou, yon flach, yon aparèy pou etènn dife ak yon siflèt.
    • Lè ou prepare sa ap pèmèt ou evite randone ki pa nesesè ak pou reponn avèk ti pwoblèm medikal lakay ou, soulaje fado sant swen ijans ak lopital yo.
    • Sonje se pa tout moun ki kapab anmezi pou reponn nan estoke pwodui nesesite yo.  Pou moun sila yo ki kapab achte l, fè acha esansyèl epi lantman akimile pwovizyon.
  • Pwoteje Kay ou: Sekirize atik ki lou yo lakay ou tankou bibliyotèk, refrijeratè, aparèy chofaj, televizyon ak objè ou pandye sou miray yo. Estoke objè lou ki kapab kraze sou etajè ki anba.
    • Konsidere fè amelyorasyon nan bilding ou an pou fikse pwoblèm estrikti ki kapab lakoz bilding ou an tonbe pandan yon tranblemantè.
    • Konsidere pou jwenn yon kontra asirans pou tranblemantè.  Yon kontra asirans nòmal pou kay pa kouvri domaj tranblemantè.

Rete Ansekirite Pandan

feature_mini img

Si yon tranblemantè rive, pwoteje tèt ou imedyatman:

  • Si ou nan yon veyikil, mete w akote epi kanpe. Mete veyikil la sou estasyonman.
  • Si ou nan kabann, vire figi w anba epi kouvri tèt ak kou w avèk yon zorye.
  • Si ou deyò, rete deyò lwen bilding yo.
  • Si ou andedan, rete epi pa kouri deyò epi evite papòt yo.

Pwoteje Tèt ou pandan Tranblemantè

Image
lage, kouvri, kenbe

1. Bese (oswa Fèmen)

Kèlkeswa kote ou ye, desann sou men ak jenou w epi kenbe yon bagay ki byen solid. Si wap itilize yon chèz woulant oswa aparèy pou mache ki gen yon chèz, asire ke wou yo klete epi rete chita jiskaske tranbleman an kanpe.

2. Kouvri

Kouvri tèt ak kou w avèk bra ou. Si gen yon tab oswa biwo solid ki toupre, rale anba li pou abri. Si pa gen abri toupre, rale bò kote yon miray andedan (lwen fenèt yo). Ranpe sèlman si ou ka jwenn pi bon kouvèti san ou pa ale nan yon zòn ki gen plis debri. Rete sou jenou oswa bese pou pwoteje ògan vital yo.

3. Kenbe

Si ou anba yon tab oswa biwo, kenbe avèk yon men epi pare pou deplase avèk li si li deplase. Si w chita epi ou pa kapab desann atè a, koube pi devan, kouvri tèt ou avèk men w epi kenbe kou w avèk toulède men w.

Itilize yon Baton?

Image
lage, kouvri, kenbe

Itilize yon Aparèy pou Mache?

Image
lage, kouvri, kenbe

Itilize yon Chèz woulant?

Image
lage, kouvri, kenbe

Rete Ansekirite Apre

feature_mini img

Ka gen gwo danje apre yon tranblemantè, tankou domaj nan bilding lan, gaz kap koule ak liy dlo, oswa liy elektrik ki tonbe.

  • Prevwa sekous ap vini apre premye chòk yon tranblemantè. Pare pou Bese, Kouvri, ak Kenbe si ou santi yon sekous.
  • Si ou nan yon bilding ki andomaje, ale deyò epi rapidman soti nan bilding lan. Pa antre nan bilding ki andomaje.
  • Si ou bloke, voye yon tèks oswa apwiye sou yon tiyo oswa miray.  Kouvri bouch ou avèk yon chemiz pou pwoteksyon epi olye ou rele, itilize yon siflèt.
  • Si ou nan yon zòn ki kapab gen tsunami, ale sou andedan oswa sou yon teren ki pi elve imedyatman apre tranbleman an.  Evite kontak avèk dlo inondasyon kòm yo ka genyen pwodui chimik, dlo egou, ak debri.
  • Tcheke tèt ou pou wè si ou blese epi ede lòt moun si ou gen fòmasyon. Aprann kijan ou ka vin jwenn èd la jiskaske èd rive.
    • Si ou malad oswa blese epi ou bezwen atansyon medikal, kontakte pwofesyonèl swen sante w pou enstriksyon.  Si wap eksperimante yon ijans medikal, rele 9-1-1.
feature_mini img

Depi ou fin ansekirite, prete atansyon avèk rapò nouvèl lokal yo pou enfòmasyon ijans ak enstriksyon grasa radio ki mache avèk pil, Televizyon, medya sosyal oswa apati avètisman pa tèks nan telefòn selilè.

  • Anrejistre sou sit entènèt Kwawouj Ameriken “San danje epi Byen” kidonk moun ka konnen ke ou byen.
  • Itilize mesaj tèks pou kominike, sa ki kapab pi fyab pase apèl telefòn.
  • Fè atansyon lè wap fè netwayaj. Mete rad pwoteksyon, enkli chemiz manch long, gan travay ak soulye solid ki gen gwo semèl.  Pa eseye retire gwo debri poukont ou.  Moun ki genyen opresyon ak lòt maladi nan poumon ak/oswa sipresyon iminitè  pa ta dwe antre nan bilding ki gen dlo kap koule oswa mwazi kap grandi ou ka santi oswa wè. Timoun yo pa ta dwe patisipe nan travay netwayaj apre yon katastwòf.

Resous Adisyonèl

Videyo

Medya Sosyal ak Grafik

Fich Konsèy

Plis Enfòmasyon

Last Updated: 09/06/2023

Return to top