U.S. flag

An official website of the United States government

Dot gov

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Https

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

The items  in an emergency supply kit spread out on a table including water bottles, toilet paper, and batteries

Bati yon Twous

Apre yon ijans, ou ka bezwen pou siviv poukont ou pandan plizyè jou.  Lè ou prepare sa vle di ou gen pwòp manjedlo ak lòt pwovizyon pou dire pou plizyè jou. Yon twous pou katastwòf se yon koleksyon atik debaz kay ou ka bezwen sizoka gen yon ijans.  

feature_mini img

Asire twous ijans ou an estoke avèk atik ki sou lis verifikasyon anba. Telechaje yon vèsyon enprime  pou pote avèk ou nan magazen an.  Yon fwa ou fin gade atik debaz yo konsidere ki bezwen inik  fanmi w kapab genyen, tankou pwovizyon pou bèt kay oswa granmoun.

Lis Pwovizyon pou Ijans

PDF Link Icon

Twous Pwovizyon Debaz nan ka Katastwòf

Pou rasanble twous ou a, estoke atik yo nan yon sachè plastic ki byen fèmen epi mete tout pwovizyon pou katastwòf yo nan youn oswa resipyan ki fasil pou pote tankou bwat plastic oswa yon sak pousèt.  

Yon twous apwovizyonman ijans debaz ka gen ladann atik rekòmande ki annaprè yo:

  • Dlo (yon gallon pou chak moun pa jou pandan plizyè jou, pou bwè ak sanitasyon)
  • Manje (nan omwen twa-jou apwovizyonman manje ki pa p gate)  
  • Radyo ki mache avèk pil oswa yon manivèl ak yon radio meteyolojik NOAA avèk avètisman son
  • Flach
  • Twous premye sekou
  • Pil siplemantè
  • Sifle  (pou mande èd)
  • Mask anti-pousyè (pou ede filtre lè kontamine)
  • Bach an plastik ak riban adeziv (pou abrite anplas)
  • Sèvyèt imid, sachè fatra ak atach an plastik (pou sanitasyon pèsonèl)
  • Kle oswa pens (pou fèmen sèvis piblik yo)
  • Aparèy manyèl pou ouvè mamit (pou manje)
  • Kat lokal yo
  • Telefòn selilè avèk chajè avèk yon batri sekou

Lòt Pwodui pou Ijans

Konsidere ajoute atik sa yo nan twous ekipman pou ijans ou a selon bezwen endividyèl ou yo:

  • Savon, dezenfektan pou men, ti sèvyèt dezenfektan pou dezenfekte sifas yo
  • Medikaman sou preskripsyon. Apeprè mwatye nan tout Ameriken yo pran yon medikaman sou preskripsyon chak jou. Yon ijans ka fè li difisil pou yo renouvle preskripsyon yo oswa pou yo jwenn yon famasi ki louvri. Òganize epi pwoteje preskripsyon ou yo, medikaman san preskripsyon, ak vitamin yo pou prepare w pou yon ijans.
  • Medikaman ki pa preskripsyon tankou medikaman pou soulaje doulè, medikaman anti-dyare, anti-asid oswa laksatif
  • Linèt sou preskripsyon ak solisyon lantiy kontak
  • Lèt pou tibebe, bibwon, kouchèt, ti sèvyèt ak krèm pou gratèl
  • Manje bèt kay ak dlo anplis pou bèt kay ou
  • Lajan kach oswa chèk vwayajè
  • Dokiman fanmi enpòtan tankou kopi kontra asirans, idantifikasyon ak dosye kont labank anrejistre elektwonikman oswa nan yon resipyan ki enpèmeyab, pòtab
  • Sak dòmi oswa dra cho pou chak moun
  • Rad de rechanj ki apwopriye pou klima w ak soulye ki solid
  • Ekstenktè dife
  • Alimèt nan yon resipyan ki enpèmeyab
  • Pwodui pou fanm ak atik ijyèn pèsonèl
  • Istansil pou kan, tas an papye, asyèt, sèvyèt papye ak istansil plastik
  • Papye ak kreyon
  • Liv, jwèt, mo kwaze oswa lòt aktivite pou timoun
feature img

Kenbe Twous ou

Apre ou fin rasanble twous ou an sonje pou kenbe l kidonk li pare pou lè ou bezwen l:

  • Kenbe manje nan bwat yo yon kote ki fre, sèk.
  • Estoke manje nan resipyan an metal oswa plastik ki byen fèmen.
  • Ranplase atik ki ekspire yo jan sa nesesè.
  • Repanse sou bezwen ou yo chak ane epi mete twous ou ajou daprè chanjman ki gen nan fanmi w.
feature img

Anplasman kote ou Estoke Pwovizyon

Kòm ou pa konnen ki kote wap ye lè yon ijans rive, prepare pwovizyon pou kay, travay, ak veyikil.

  • Kay: Kenbe twous sa nan yon anplasman ou deziyen epi mete l pare sizoka ou dwe kite kay la rapidman. Asire ke tout manm fanmi yo konnen ki kote ou kenbe twous la.
  • Travay: Prepare pou abrite nan travay pou omwen 24 èdtan. Twous travay ou ta dwe gen ladann manje, dlo ak lòt nesesite tankou medikaman, ansanm avèk soulye konfòtab pou mache, estoke nan yon malèt “pran epi ale”.
  • Veyikil: Sizoka ou ta bloke, kenbe yon twous pwovizyon dijans nan veyikil ou.

Last Updated: 12/11/2023

Return to top