U.S. flag

An official website of the United States government

Dot gov

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Https

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

a woman sits on her bed looking at her smart phone

Avètisman Ijans

Avètisman Ijans san Fil

Sistèm Avètisman Ijans

Radyo Meteyolojik NOAA

Aplikasyon Mobil FEMA

Lè ijans yo frape, responsab sekirite piblike yo itilize sistèm rapid ak fyab pou avèti w. Paj sa a dekri diferan alèt avètisman ou ka jwenn ak kijan pou jwenn yo.

Avètisman Ijans san fil (WEA yo)

Avètisman Ijans san Fil [Wireless Emergency Alerts (WEA yo) se mesaj ijans kout ki soti bò kote otorite alèt piblik tribi, lokal, eta, federal ki kapab difize nan antènn selilè tout aparèy mobil konpatib WEA‐nan yon zòn ki sible lokalman.  Otorite sekirite piblik lokal ak eta ka voye WEA yo, Sèvis Meterolojik Nasyonal [National Weather Service], Sant Nasyonal pou Timoun ki Disparèt ak Eksplwate [National Center for Missing and Exploited Children] ak Prezidan Etazini.

Image
Ilistrasyon men ki kenbe telefòn ak Amber Alert
  • WEA yo sanble avèk mesaj tèks men yo fèt pou jwenn atansyon ou avèk yon son inik ak vibrasyon ki repete de fwa.
  • WEA yo pa plis pase 360 karaktè epi li gen ladann kalite ak tan avètisman an, nenpòt aksyon ou ta dwe pran ak ajans ki emèt avètisman an.
  • WEA yo pa afekte akoz konjesyon rezo e li pa pral deranje tèks, apèl oswa sesyon done yo ki an pwogrè.
  • Yo pa faktire w paske ou resevwa WEA yo epi pa gen bezwen pou abòne.
alert - info

Si ou pa resevwa WEA yo men kèk konsèy pou rezoud pwoblèm aparèy mobil ou:

  1. Tcheke paramèt yo sou aparèy mobil ou an epi revize manyèl itilizatè w (ou ka anmezi pou jwenn sa a anliy tou).
    • Ansyen telefòn yo ka pa konbatib avèk WEA, epi kèk modèl telefòn selilè mande pou aktive WEA yo.
    • Gen kèk konpayi sèvis telefòn mobil ki rele mesaj sa yo “Avètisman Gouvènman,” oswa “Mesaj Avètisman Ijans.”
  2. Tcheke avèk konpayi telefòn san fil ou pou wè si yo ka rezoud pwoblèm nan.

Pou bay kòmantè oswa enkyetid osijè WEA yo te voye nan zòn ou kontakte otorite lokal ou dirèkteman.

Sistèm Avètisman Ijans (EAS)

Sistèm Avètisman Ijans [Emergency Alert System (EAS)] se yon sistèm avètisman piblik nasyonal ki pèmèt prezidan an adrese peyi a nan yon delè 10 minit pandan yon ijans nasyonal. Otorite lokal ak eta yo ka itilize sistèm lan tou pou bay enfòmasyon ijans enpòtan tankou enfòmasyon meteyolojik, menas iminan, avètisman AMBER ak enfòmasyon sou ensidan lokal ki vize nan zòn spesifik yo.

Image
Illustration Sistèm Alèt Ijans
  • Yo voye EAS yo atravè difizyon, sèvis odyo dijital satelit, konpayi difizyon satelit dirèk, sistèm televizyon pa kab ak sistèm kab san fil.
  • Prezidan an se sèl responsab pou detèmine kilè pou yo aktive EAS nan nivo nasyonal. FEMA ak FCC responsab pou tès ak egzèsis nan nivo nasyonal.
  • Yo itilize EAS lè tout lòt mwayen avètisman piblik yo pa disponib.

Radyo Meteyolojik NOAA (NWR)

NOAA Weather Radio All Hazards (NWR) se yon rezo nasyonal estasyon radio ki difize enfòmasyon meteyolojik toutan nan tout peyi a apati Sèvis Nasyonal Meteyolojik ki pi pre a selon lokasyon fizik ou.

Image
Illustration of a woman listening to the radio, with heavy rain outside the window.
  • NWR difize avètisman ofisyèl, siveyans, previzyon, ak lòt enfòmasyon sou danje 24 èdtan pa jou, sèt jou pa semèn.
  • NWR difize tou avètisman ijans ki pa meteyolojik tankou menas sou sekirite piblik oswa sekirite nasyonal grasa Sistèm Avètisman Ijans lan.  

Aplikasyon Mobil FEMA

Aplikasyon FEMA a pèmèt ou resevwa alèt metewolojik nan tan reyèl ak alèt pou ijans, voye notifikasyon bay moun pwòch ou yo, jwenn abri ijans nan zòn ou an, jwenn estrateji preparasyon ak plis ankò.

Image
Hand holding smart phone with fema app open
  • Resevwa alèt metewolojik nan tan reyèl ak alèt pou ijans nan men Sèvis Meteyo Nasyonal pou jiska senk kote nan tout peyi a.
  • Jwenn yon abri ki tou pre si ou bezwen evakye nan yon espas ki an sekirite.
  • Chèche si lokal ou a kalifye pou asistans FEMA, chèche kote Sant Rekiperasyon Dezas, epi jwenn repons pou kesyon ki pi ijan ou yo.

Kontni ki gen rapò

Last Updated: 02/03/2023

Return to top